ANOREKSI

Sa vledi moun lan manke apeti ou byen li pa gen apeti menm, li pa anvi manje. Maladi anoreksi a souvan parèt sou moun lè-l gen lòt maladi nan vant. Maladi nan vant sa yo ki akonpanye pèt  lapeti a, se sèl travayè sante a ki ka dekouvri ki maladi yo ye. Lè moun ki soufri maladi anoreksi ki vledi li pa gen lapeti, li pa anvi manje. Anoreksi a ka yon siy ki fè nou sispèk  malad la  gen ensifizans sekresyon gland dijestiv, yon seri gland k-ap sekrete yon likid pou pèmèt manje yo dijere byen. Si se pwoblèm sekresyon gland dijestiv yo ki lakòz maladi anoreksi-a, nou ka itilize plant medisinal sa yo pou pèmèt gland dijestiv sa yo byen fonksyone : lay, sitwon, zonyon, papay, poupye.

LAY

Kraze yon gous lay anba dan-w lè-w fin vale-l enpi vale ji-a.

SITWON

Lave yon sitwon koupe-l  an de (2) pire yon moso nan yon vè dlo bouyi frèt pou-w bwè pandan w-ap manje-a.

ZONYON

Lave yon zonyon, koupe-l won pou-w manje kòm salad anvan-w manje.

PAPAY

Fè ji papay pou-w bwè pandan w ap manje.

POUPYE

Pran bwa ak fèy poupye a pou-w prepare yon sòs pou manje 3 fwa pa jou, pandan w-ap manje w-ap jwenn rezilta.

SEFÒM DDWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *