ANTISEPTIK

Antiseptik se tout kalite pwodui oubyen pwosede  ki anpeche mikwòb develope lè-w itilize-l pou-w lave  plè ki ponkò enfekte, antiseptik, se yon pwodui pou netwaye plè, ki detri jèm enpi li detri mikwòb. Lè yon moun  fenk blese nou dwe itilize antiseptik pou anpeche mikwòb develope nan blesi-a.

Gen anpil plant ki gen menm valè  ak antiseptik ki vledi lè-w itilize plant sa yo pou-w lave, panse yon blese fre, mikwòb p-ap ka devlope  nan plè-a. Nou ka itilize vèmisèl bwa, yo konn rele-l tou kiskit, pou prepare renmèd antiseptik. Mete 30 gram oubyen 50 gram vèmisèl bwa bouyi nan yon lit dlo pandan 15 minit. Se ak dlo sa pou nou lave plè louvri yo, pou anpeche mikwòb kale, enpi pou pèmèt plè-a geri.

SEFÒM DDWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *