ANTRAKS NAN PO KÒ

Se yon maladi kote pati malad la anfle, li gen pij k-ap koule. Maladi sa parèt sou moun lakòz mikwòb maladi-a ki enfekte po kò-a. Antraks la se lè  plizyè ti klou, plizyè ti absè, reyini pou bay yon fòm absè, kote pakèt pij ap soti nan  pati malad la. Pati nan kò-a antraks la pi renmen devlope se: nan po tèt, nan vizaj, nan kou ak nan fès yo. Bagay ki lakòz maladi antraks la se move lijyèn, salte, lasyè, fwòtman ak mikwòb, enpi tou maladi dyabèt ki vledi twòp sik nan san ka lakòz antraks la. Nou pa dwe konfonn maladi antraks sila  ki se absè ak  lòt fòm maladi chabon yo rele tou antraks ki pa prezante menm jan.

Pou nou trete antraks la nou dwe mete renmèd sou li pou-l mi epi  pete byen vit, lè nou mete konprès fèy sou yo; oubyen  nou basinen yo ak dlo cho pou yo pete pandan n-ap pran renmèd travayè sante. Si malad la pa jwenn trètman, absè kapab pete anndan tankou deyò kò-a. Kont maladi antraks la nou ka prepare yon konprès konsa pou nou mete sou kote moun nan malad la : fèy yèsken, kèk gous lay, kèk gous pwa vèt, yon ti vinèg blan, yon ti siwo myèl ak yon ti disèl. Pile yo pou-w mete sou klou yo.

Nou ka itilize sirèt pou nou mete sou antraks la kòm konprès pou nou jwenn amelyorasyon. Moun ki gen antraks la ap benyen ak yon maserasyon fèy maskriti, lè-l fini l-ap  bwè yon dite fèy maskriti k-ap bay li bonjan rezilta.  Moun ki gen antraks oubyen klou yo ka lave oubyen graje yon zonyon; mete yon ti dlo pwòp ladann  pou mare sou klou-a, l-ap jwenn bonjan rezilta.

SEFÒM DDWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *