APOPLEKSI

Se yon maladi ki paralize yon pati nan kò-a. Se yon maladi sou fòm kriz ki paralize yon bò oubyen yon pati nan kò moun nan lè-l rantre sou li. Maladi apopleksi – a ka paralize yon pati oubyen plizyè òga-n nan kò-a. Lè kriz apopleksi a rantre sou moun nan li konn pèdi konesans. Malad la pa ka fè okenn mouvman. Apre kriz la fin pase li paralize yon pati oubyen yon bò nan kò malad la. Maladi-a ka paralize tout kò malad la. Maladi apopleksi a kapab deklare lakay moun ki soufri maladi tansyon twò wo. Sa ka lakòz kèk aksidan vaskilè tankou emoraji nan sèvo ki vledi pèt san nan sèvo-a, lè sa malad la rantre an koma ki vledi, malad la pèdi konesans, tankou li mouri. Kont yon maladi tankou apopleksi, moun dwe toujou pran prekosyon. Konsa, pou fè prevansyon kont kriz apopleksi-a moun ka itilize plant medisinal sa yo : kawòt, seleri, zepina, pèsi, navè, kreson.

Men kijan pou-w prepare yo : demi vè ji kawòt, ¼ vè ji zepina, ¼ vè ji zepina, ¼ vè dlo sikre ak siwo myèl, melanje yo ansanm pou-w bwè maten anvan-w manje.

Lòt fason : demi vè ji kawòt, demi vè ji pèsi  oubyen seleri oubyen zepina. Melanje yo pou-w bwè yon vè maten anvan-w manje.

Oubyen prepare yon renmèd konsa: demi vè ji kawòt, demi vè ji zepina, moun lan ap bwè-l maten anvan-l manje. Si-w fè atak apopleksi, mete 10 gout esans terebantin nan demi vè dlo pou-w bwè plizyè  fwa nan jounen-an.

SEFÒM DDWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *