A propo de Radyo Atlantik

TELERADYO ATLANTIK  92.5FM

FONDE NAN DAT 17 OKTÒB 1999

__________________________________________________

KONTRIBISYON RADYO ATLANTIK NAN EDIKASYON JENERAL POPILASYON AN AK NAN SEKSYON FÒMASYON MEDIKAL (SEFÒM)  NAN SANT SANTE DOKTÈ  W. POLIKAP

__________________________________________________

 

Sant Sante doktè W. Polikap, nan galman dipla katyemoren, osèvis popilasyon an denpi nan mwa me 1987. Moun tout kote nan peyi Dayiti ak nan peyi letranje vin chèche swen nan Sant Sante a

Denpi nan mwa janvye 1994, direksyon Sant Sante a te deside fè plis jefò nan domèn medsin prevantiv, sitou edikasyon pou anpeche maladi gaye nan mitan popilasyon an.

Nou konstate, nan peyi dayiti, pa gen enstitisyon ki konsakre ase tan pou fè edikasyon popilasyon an nan domèn sante. Kèk emisyon radyo ou byen kèk emisyon televizyon, yo pa adapte ak reyalite mas popilè yo. Souvan, emisyon sa yo fèt pou gwo save ki deja travayè sante, ki kapab konprann gwo mo franse k ap repete.

Anplis, endikatè sante yo, se egzanp vivan ki merite refleksyon sou eta sante popilasyon an.

Nan lane 1994, to mòtalite matènèl, kivledi kantite manman pitit ki mouri nan akouchman nan move kondisyon, te atenn chif 4,6 pou 1000 nesans, kivledi, sou chak 1000 ti bebe ki fèt vivan, plis pase 4 manman ti bebe sa yo mouri akòz yo pa jwenn swen.

Sou chak 1000 ti moun ki fèt vivan, plis pase 74 nan yo mouri anvan yo gen laj yon lane. Lòt to endikatè enpòtan ankò, toujou nan lane 1994, sou chak 1000 nenpòt moun nan popilasyon an, plis pase 12 nan yo mouri nan move kondisyon. Sa se to mòtalite global.

Nan lane 1999, ki se lane kreyasyon radyo atlantik, pifò moun pa depase laj 54 lane, yo gentan mouri. Anplis, pou chak 100 mil ayisyen, se sèlman 14 doktè ki disponib. Nan peyi dayiti, nou konte apeprè 336 dispansè, 83 sant sante, 83 lopital. Sa pa ase. Pa gen ase lekòl pou fòme travayè sante kòrèk.

Anfas degradasyon eta sante popilasyon an, nou panse leta ayisyen dwe fè plis jefò nan kad medsin prevantiv primè, sitou anpil edikasyon sanitè, paske nou pa gen anpil mwayen materyèl ni ase travayè sante.

Nan sans sa a, Sant Sante doktè W. Polikap dispoze kontinye pote patisipasyon l. Se pou sa, denpi nan mwa janvye 1994, Sant Sante a mete kanpe yon seksyon fòmasyon medikal gratis, SEFÒM, ki bay fòmasyon sou pwoblèm nou pi souvan rankontre nan kominote a, tankou: malarya, tifoyid, tibèkiloz, gonore (blenoraji), sifilis, grif chat, konjonktivit neyonatal, alètman matènèl, prekosyon pou fanm ansent, tansyon ateryèl, planifikasyon familyal, enpisans seksyèl, dyabèt, dyare, anemi, drepanositoz (anemi falsifòm), opresyon, epilèpsi, eklanpsi, kwachyòkò, pelag, beri-beri, aft, chabon (antraks), ijyèn dlo, asid ak ilsè gastrodiyodenal, pèdisyon, obezite, fibròm iteris, menopoz, trikomonyaz irojenital, klamidyaz, kandidoz vajinal, èpès, zona, kondilòm veneryen, epatit viral, enfeksyon ak sitomegaloviris, lagal, ptiryazis pibis, dèmatofit, kap (pelikil) ak pedikiloz (pou), sakopsiloz (chik), kapòt, fòmasyon sou maladi epidemik ki soti nan peyi letranje, tankou: nemopati atipik (sendrom respiratwa egi sevè), ansefalopati esponjifòm bovin, filaryoz, sida, kolera… chikoungounya, deng, ak deng emorajik, ebola. SEFÒM transmèt tou, enfòmasyon sou renmèd fèy kont anpil maladi, ak plizyè sijè refleksyon.

Mwayen Sant Sante a itilize pou  l gaye konesans medikal gratis nan mitan popilasyon an, se deplasman fòmatè sefòm atravè tout andeyò vil yo ak nan katye popilè anndan vil yo. Fòmatè sefòm yo, se travayè sante ki fòme gratis nan Sant Sante a. Enpi, SEFÒM, se yon gran òganizasyon sosyo-pwofesyonèl, kote yon bann travayè sante tout nivo dispoze mete tèt ansanm pou yo ankadre popilasyon an.

Anplis, Sant Sante a te konn pibliye yon bilten enfòmasyon medikal, yon ti jounal gratis an kreyòl, ki rele “MALADI”.

Men, pou pèmèt pi gran kantite moun resevwa enfòmasyon medikal sa yo, direksyon Sant Sante a te deside mete kanpe yon radyo : RADYO ATLANTIK, ki  pa gen objektif fè lajan. Objektif prensipal inisyativ radyo a, se pataj konesans medikal ak popilasyon an, enpi fè pwomosyon pou kilti ak listwa pèp ayisyen an.

Lòt objektif TELERADYO ATLANTIK, se:

1- Laji kad prevansyon medikal primè nan mitan popilasyon an

2- Montre nesesite pou fòmasyon medikal fèt an kreyòl, enpi gratis nan tout nivo

3-Pèmèt travayè sante ki fòme nan sefòm toujou jwenn mwayen pou yo resikle

4- Louvri deba ak diskisyon nan popilasyon an osijè maladi ak fason swen ak sèvis sante ap distribiye nan peyi a.

5- Montre nesesite pou gen plis lekòl fòmasyon medikal, paramedikal atravè tout peyi dayiti.

6- Fè pwomosyon pou medsin tradisyonèl, renmèd fèy

7- Travay pou pèmèt swen ak sèvis sante vin pi bon mache nan peyi a…..

Denpi nan dat 17 oktòb 1999, Radyo Atlantik ap fè jefò pote kontribisyon l nan akonpanye popilasyon an.

Direksyon teleradyo atlantik pwofite pou l di ayibobo pou tout kolaboratè: jounalis, animatè, teknisyen son, oditè radyo a, pou patisipasyon yo, pou kolaborasyon yo. Mèsi pou tout moun andedan tankou andeyò vil; mèsi tout manb òganizasyon popilè ak òganizasyon politik ki rete soude ak revandikasyon popilasyon an; mèsi pou responsab antrepriz ak patikilye zanmi radyo a; mèsi pou tout atis, poèt ak tout lòt moun nan popilasyon an ki pote kontribisyon yo nan soutni radyo atlantik moralman ak materyèlman.

Men, kesyon ki ta dwe poze, èske radyo atlantik respekte angajman l te pran vizavi popilasyon an, pou l patisipe nan fè edikasyon, enpi kontinye batay pou respè kilti ak souverènte nasyonal la? Èske radyo atlantik kontinye fè jefò pou l akonpanye popilasyon an nan batay l ap mennen pou l jwenn satisfaksyon revandikasyon l yo?

Enben, se wou menm k ap koute radyo atlantik, se wou menm ki pote patisipasyon w nan konstri liy radyo atlantik,  ki kapab bay repons la.

Antouka, travay la ap kontinye. Travay la p ap kapab kontinye, si wou menm k ap koute, pa pran angajman pou w kontinye pote patisipasyon w, enpi pou w kontinye veye, defann liy radyo atlantik. Nan radyo atlantik, se kreyol sèlman nou pale….Se mizik ayisyen sèlman……

Wèpawè, n ap genyen batay la.. Paske, viktwa final, se pou pèp ki kwè nan fòs kòn li, enpi, viktwa final la, se pou pèp  òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay….

Mèsi

Pou direksyon TELERADYO ATLANTIK:

DOKTÈ  WESTNER POLYCARPE

Sekretè Jeneral Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.)

Ansyen Senatè Repiblik Dayiti

Ansyen Prezidan Komisyon sante Sena Repiblik Dayiti