ANTIDÒT

Antidòt se yon renmèd kont pwazon. Gen plizyè nan antidòt sa yo se travayè sante ki gen otorizasyon pou bay moun yo nan lopital ak dispansè. Gen kèk antidòt ki anpeche moun mouri ak pwazon tout bon, men gen nan yo se diminye yo diminye risk pou moun nan ta mouri ak pwazon-an. Lè moun pran pwazon nan manje yo souvan bay li renmèd pou-l vomi jis pou-l vide lestomak li. Enpi pran yon lavman dlo tyèd pou lave trip la. Apresa moun ki te pran pwazon an ap mare konprès cho sou lestomak la.

  • Bay malad la bwè kafe pou remonte-l ou byen nou ka bay li yon dite fèy siwèl oubyen dite flè zoranj si.
  • Si nou pa konnen ki kalite bagay ki pwazonnen moun lan, bay li  bwè lèt ak dlo albiminez. Me kòman pou-w pwepare dlo albiminez la : 6 blanch  ze, yon lit dlo bouyi frèt, bat blanch ze yo byen bat pou malad la bwè. Si nou pa gen ze lè moun lan anpwazonen an, delye yon ponyen farin frans nan dlo oubyen nan lèt pou bay moun pwazonen an bwè. Nou ka bat yon blan ze ak 3 gwo kiyè sik lalwa nan yon vè dlo pou malad la bwè. Bay li melanj sa yon vè pandan plizyè jou. Nou ka pile chabon mete 2 gwo kiyè luil doliv nan chabon an pou moun ki pran nan pwazon an bwè.
  • Nou ka prepare yon antidòt ak plant grif chat la konsa: lave yon pye grif chat antye pile-l ak kreson savann nan menm kantite a. Chofe ji a pou-w bay malad la yon kiyè 4 a 5 fwa nan jounen an.
  • Lè moun pran pwazon nan vyann, bèt lanmè tankou krab, kribich, sirik, ak pwason, li ka bwè ji sitwon, ji zannanna fre.
  • Moun ki pran pwazon nan bè, ap pran yon enfizyon 3 a 4 fèy tabak pou yon tas dlo ki fenk fin bouyi. Moun lan ka bwè yon dite konsantre ak tout pati pwa kongo: rasin, tij, fèy, flè ak donn pwa kongo a.
  • Moun ki pran pwazon nan bèt lanmè-a  ka prepare patat ak luil doliv. Me kòman pou-w prepare li; lave patat la, graje li pou-w melanje ak yon ti luil  doliv pou bay malad la bwè. Si yon moun pran pwazon li ka bwè dite grenn jòb.
  • Si yon moun ta manje sik manseniy, si moun nan ta brile ak sik manseniy, fè yon dite donn kikima pou bay moun lan bwè. Oubyen nou ka fè yon dite konsantre ak rasin, flè, fèy bwa ak donn pwa kongo-a pou bay malad la bwè.
  • Lè moun pran pwazon nan nenpòt kalite manyòk  anmè li ka pran yon dite ak tout pati woukou a tankou: donn li, flè, fèy, rasin pou malad la bwè.
  • Si moun pran pwazon nan koray li ka bwè dite tout pati woukou-a.
  • Si moun pran pwazon nan pijon dend, li ka pran yon dite tout pati woukou-a. bay moun anpwazonen an bwè yon ti vè piti chak inèdtan jis li refè.
  • Si se mèki ki ta anpwazonnen moun lan nou ka bay li yon enfizyon labsent.

SEFÒM DDWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *