KREYÒL PALE, KREYÒL EKRI

Lang yon pèp, se mwayen kominikasyon ki  pèmѐt tout pitit pèp sa yonn konprann lòt. Si nan tout nivo  edikasyon, fòmasyon te fèt an kreyòl, si tout rapò korespondans  ki tabli nan sosyete a te fèt an kreyòl, petèt  ta gen mwens  divizyon nan peyi dayiti. Fason nou pale kreyòl la, se fason nou ekri kreyòl la, gras ak alfabèt kreyòl espesyal ki gen 32 lèt, ki se: a,an,b,ch,e,è,en,f,g,h,i,j,k,l,m,n,in,ng,o,ò,on,ou,oun,p,r,s,t,ui,v,w,y,z .

Nan alfabèt kreyòl la, gen 14 vwayèl ak 18 konsòn.

Pami 14 vwayèl yo, gen:7 vwayèl bouch: a,e,è,i,o,ò,ou                                                                                                                                                                                                                4 vwayèl bouch nen :an ,en, on, oun

3 vwayèl konsòn :w,y,ui

Pou nou rive ekri kreyòl la korèk, san fot, gen 3 prensip nou dwe respekte.

Premye prensip   

Chak lèt kreyòl gen yon sèl valè  :ch: chat, chouchou, cheri, chyen

g: gaga, gagòt

m : mizè, maladi, manba

t : tonton, tapaj, tòtòt

s : sitwon, silab, sòs, atansyon

Dezyèm prensip

Chak son mo kreyòl  toujou  ekri  menm  jan :egzanp :a : papa,bata

e: pe, bebe, tete

                                                                                              o : po, toto, bobo

ò: lò, atò, bòbòt

ou: poupou, labou, tou, twou

w: lwil, kwiy, bwè

                                                                                                pwason, pwazon, pwodi

kwè, bwè

ay: kay, pay, ayè

oy: voye

ey: veye, peye

èy: dèy, fèy, dèyè

òy: pòy, kichòy

en: pen, tenten, lapen

èn(è n): pèn, rèn, antèn

en n(enn): lenn, grenn, lapenn

dèvenn

an: ban, dan, palan

a n: pa n, kra n

an n(ann): kabann, rann

i: lapli, radi

i n (in): latrin, machin, gazolin

on: balkon, don, ralonj

ò n(òn): lòn

on n(onn): ponn, lonn, wonn

yon: evakyasyon, posyon, rasyon

Twazyèm prensip

Tout  lèt kreyòl ki  ekri, li dwe  pwononse: egzanp:

b: bab

Ch: chich

t: lèt, bèt

s: ras, tas

z: raz, legliz,  machandiz

k: bak, tabak

d: lèd

f: òtograf

l: tòl

g: mang, lang, gang

 

Ponktyasyon jwe yon gwo wòl nan lang kreyòl la.

Nan lang kreyòl, pa gen aksan egi tankou nan lang franse.Tout “e“ pwononse tankou “è‘‘ .

Genyen yon aksan ranfòse yo mete sou vwayèl bouch yo (eksèpte” ou”) “ w ”,ki se yon vwayèl konsòn. Nou mete l devan vwayèl sa yo: o,ò,ou,on).

Chak fwa nou genyen son “ou” devan ou byen dèyè yon vwayèl, nou dwe ranplase ”ou” ak “w” .Men, nou pa dwe ekri ‘’ w ’’ pou kout li. Ranplase l ak’’ ou’’

R’’: nou dwe mete’’r’’ devan vwayèl sa yo :a,e,è,i ,an,en.

Nou pa dwe mete ’’i’’ ni devan, ni dèyè yon vwayèl. Nou dwe ranplase l ak ‘’y’’. Enpi, pou separe 2 vwayèl ki pral kole, nou dwe mete ‘’y’’.Egzanp: Ayiti, Abiye, kayimit.

Nou pa dwe ekri ‘’r ‘’devan ‘’w’’

Apostwòf :Nou ka ekri ‘’ t’ ‘’ nan plas ‚‘‘ te ‘‘ou  byen « t «  nan plas ‚’’ ta ‘‘

‘’ k’ ‘’ nan plas ‘’ ka ‘’

‘‘n ‘‘  nan plas  ‘‘ nou ‘‘

‘‘ m ‘‘ nan plas ‘‘mwen ’’

Tout mo ki tèmine ak : an, on, en, nou ka mete ‘’ an ‘’dèyè yo. Egzanp : labapen an.

Apre tout mo ki gen lòt vwayèl nan finisman yo, nou dwe mete ’’a’’ .Egzanp: pye a, pye bwa a.

Apre mo ki gen :m,n,ng nan finisman yo, nou sèvi ak ‘’lan’’ ou byen ‘’nan’’.Egzanp : vyann lan; bilding nan

Apre sa, pou tout lòt mo yo, nou dwe sèvi ak’’ la’’ .Egzanp : bèf la.

Konnyè a, nou nou pare pou n ekri kreyòl la tankou nou pale kreyòl la. Lang kreyòl, se kòd lonbrit chak grenn ayisyen ki makònen nou ak kilti peyi dayiti …

SEFOMSSDWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *