LAVERITE SOU MALADI EBOLA

Maladi Ebola, se yon enfeksyon viral ki prezante siy ak sentòm tankou: fyèv, doulè nan tout kò, dyare, vomisman ak emoraji. Se yon maladi atrapan grav ki souvan lakòz lanmò malad la.
Ebola, se yon egzanp pami anpil lòt ka mechanste blan yo ki pa sispann abize inyorans pèp nan peyi apovri yo, nan peyi yo di ki pòv, men an reyalite ki chaje ak richès. Se blan ki konnen ki kote richès sayo ye. Otoktòn yo inyore kalite ak kantite richès nan pwòp peyi yo
Yo di Ebola, se yon viris ki fè ravaj nan 3 peyi afriken: Gine, Syeraleyòn, Liberya. Blan franse chwazi yon ti vilaj ki rele “Degeno” nan peyi Gine, yo di se nan ti vilaj sa enfeksyon an pran nesans, pou l gaye nan lemondantye apati kontinan afriken an.
Kesyon nou dwe poze: sou ki kritè yo baze pou yo rekonèt pwen depa enfeksyon an nan ti vilaj Degeno an? Lòt kesyon: poukisa se nan zòn sa enfeksyon an pran nesans?
Repons ak kesyon sayo byen klè. Denpi dikdantan blan franse te toujou konsidere kontinan afriken an tankou jaden yo pou yo vin piye gaspiye. Kalite moun yo ki fè swadizan dekouvèt epidemi Ebola a, se blan franse ki fè pati yon òganizasyon medikal, yon òganizasyon gouvènman blan franse yo rele” Medsen San Fwontyè”, ki gaye kò l toupatou nan peyi apovri yo, ak nan tout peyi kote gen lagè ou byen afwontman nan kominote yo. Medsen San Fwontyè se yon òganizasyon gouvènman blan franse, paske fondatè ak prezidan òganizasyon sa rele Bernard Kouchner, yon doktè blan franse, ki te gen djòb minis sante piblik nan gouvènman ladwat blan franse. Anplis se gouvènman blan franse ki finanse òganizasyon an, se gouvènman blan franse a ki pwoteje enpi ankadre politikman òganizasyon Medsen San Fwontyè. Objektif òganizasyon sa a rete sekrè. Yo pa gen objektif imanitè vre. Yo fè pakèt envèstisman pou yo prezan nan tout espas kote gen afwontman ou byen katastwòf pou yo al defann enterè gouvènman lakay yo. Prezans yo jistifye ak objektif pou yo akapare richès natirèl ak nan sousòl teritwa yo konvwate yo. Se yon rezo espyon ki itilize resous imèn lokal pou yo jwenn tout kalite enfòmasyon. Se lòt metòd neyokolonizasyon ki gen aparans imanitè, pasifik pou anvayi teritwa etranje.
Lè w poze yo kesyon pou kisa se nan yon rejyon espesyal, nan peyi afriken, enfeksyon an pran nesans, yo reponn se lakòz povrete ak mank mezi lijyèn. Ebyen, eske se nan sèl zòn sa gen povrete ak mank lijyèn?
Lè epidemi mòtel deklare konsa, yo mete kòstim imanitè sou do yo, enpi yo jwenn mwayen pou yo itilize popilasyon an, ti nèg pòv tèt grenn tankou kobay pou yo eseye vye vaksen, vye piki pwazonnen. Yo jwenn mwayen pou yo elimine yon bon pati nan popilasyon an ki vin gen lapèrèz, silayo ki ponkò mouri oblije kite zòn lan. Yo jwenn mwayen pou yo akapare richès zòn lan, yo jwenn mwayen pou fè plis presyon sou dirijan gouvènman lokal la, yo jwenn mwayen fè plis lavaj sèvo pou ti boujwazi lokal la k ap jwenn ti djòb doktè, enfimyè, èd swayan, kwòkmò, pwopagandis…..
La verite sou Ebola,se yo menm blan yo, ki fin kreye, ou byen konsève ak miltipliye mikwòb mechan nan laboratwa, enpi yo sible yon zòn nan peyi apovri yo pou yo voye ajan kriminèl al gaye dezagreman nan mitan popilasyon an. Pafwa yo itilize dwo n, ki se aparèy elektwonik yo telegide, yo kontwole denpi nan baz militè yo, pou yo simen pwodi danjere. Lagè mikwobyolojik la ap entansifye kont peyi apovri yo, kont pèp nwa yo. Apre sa, yo fè kont tapaj medyatik pou fè moun pè, pou yo frape lèstomak yo di yo se sovè limanite. Se konsa yo fè l nan chak zòn yo sible pou yo al defann enterè ekonomik yo, enterè jeyopolitik ak estratejik yo. Se konsa yo te fè l ak mikwòb maladi varyòl. Se konsa blan yo fè l ak maladi kolera nan peyi dayiti. Se konsa yo te fè l ak mikwòb maladi sida….
Se pa ni paske koulè po kò moun nwa, ni paske kondisyon sosyo-ekonomik moun defavorize, ki ta fè moun kondane pou mouri lakòz tout kalite epidemi mòtel. Reprezantan gouvènman blan, reprezantan gouvènman peyi enperyalis p ap janm zanmi nou, ni renmen nou. Louvri je nou, veye anwo, veye anba……
Dr. Westner Polycarpe
Ayiti, 26 novanm 2018

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *