JAN MARI VENSAN VIVAN

Nan dat 28 dawou 1994  asasen simen kout zam pou yo touye Jan Mari Vensan, sèlman paske monpè Jan Mari Vensan te deside konsakre tout lavi li nan akonpanye mas pòv nan katye popilè ak nan milye peyizan. Asasen ki eseye touye Jan Mari Vensan yo toujou vivan pandan jij kòwonpi kase fèy kouvri sa. Non Youri Latòti souvan site kòm asasen ki etenn souf Jan Mari Vensan. Aparèy Lajistis kòwonpi ki sa w ap di nan sa? Pandan n ap reklame: “Kote kòb Petrokaribe a” nou dwe  kontinye poze kesyon kote asasen Jan Mari Vensan yo?….  Jan Mari Vensan te fè Rèv libète, jistis sosyal ak diyite pou pèp ayisyen an. Rèv sa yo toujou vivan……

 

MRA

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *