AKI LANMÒ, AKI LAVI

Nan komin Milo ki sitiye nan depatman nò peyi dayiti, yon frui ki rele Aki lakòz anpil ti moun mouri. Nan dènye bilan, nou konte nan mwa mas 2001 plis pase 88 ka lanmò timoun piti ak adolesan ki gen laj bò 15 lane.

Gen moun ki kwè se pwazon nan frui Aki a ki lakòz lanmò moun ki manje frui a. Men nou dwe enfòme popilasyon an se pa anpwazònman ki touye moun yo ; se yon pwodi nan frui a ki desann kantite sik nan san moun lan, yon fenomèn yo rele ipoglisemi.

Lè sik nan san moun lan desann ba konsa, moun lan rantre nan koma, prèske mouri, jis li rive mouri si li pa pran swen prese prese.

Rèsponsab yo nan deptman sanitè nò a fè kont tapaj pou yo anonse gen anketè etranje ak èspesyalis ki vin sou teren an. Men, yo bliye mansyone se chak peryòd grangou konsa, pèp la blije manje raje ak tout move bagay li trape pou lafen pa touye l. Gen nan rèsponsab yo menm ki rive pwopoze pou yo detri tout pye bwa ki donnen frui Aki a. Nou panse se yon erè si yo ta detri pye bwa yo, paske pwoblèm lan se pa pye bwa yo.

Otorite yo dwe rezoud pwoblèm grangou popilasyon an, bay peyizan Milo ankadreman pou yo pwodi valè manje, yo dwe fè edikasyon pou popilasyon an pa konsome frui Aki a. Apre sa leta ayisyen dwe pwofite okazyon sa a pou yo bay inivèsite ak fakilte famasi nan peyi dayiti mwayen pou yo fè pye bwa ki donnen Aki a tounen yon sous richès pou peyi a. Paske lè moun soufri maladi dyabèt, ki vledi twòp sik nan san, moun sa yo blije bwè grenn pran piki ki soti nan peyi letranje pandan tout lavi yo. Inivèsitè ayisyen yo kapab itilize frui Aki a pou yo fabrike renmèd pou moun ki soufri maladi dyabèt. Lè sa, savan ayisyen yo te kapab ekspòte frui Aki a ou byen sibstans aktiv frui a nan lòt peyi kote moun ap mouri akòz maladi dyabèt. Sa vledi frui Aki lakòz lanmò, men frui Aki kapab pote lavi tou.

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *