FANM ANSENT

Yon ti atansyon anplis pou yo souple, paske yo pote lespwa andedan vant yo. Fason w ka manifèste respè pou fanm ansent yo, si w nan kamyonèt, nan otobis, ou byen nenpòt kote ki pa gen plas pou yon fanm ansent chita alèz, tanpri leve pou bay li plas. Lè yon fanm ansent ap monte ou byen desann machin, èskalye, pèwon, tanpri lonje men ak zepòl ou pou bay li ti sipò. Si w rankontre nan lari ak yon fanm ansent ki gen difikilte, pran tan fè ti pale ak li, mande ti dlo nan vwazinay pou koule tèt li enpi akonpanye l, mennen l lakay li.

Si se nan gran chimen ou byen nan nenpòt kalfou w sispèk fanm ansent la prèt pou l akouche, prete yon zannimo, ou byen rete nenpòt machin, eksplike chofè a ak anpil koutwazi se yon fanm ki pote lespwa nan vant li, soupriye l pou li mennen nou nan lopital ou byen nan sant sante ki pi pre a, apre sa, ale avèti mari ou byen fanmiy fanm ansent lan. Si tou pre kay ou, ou tande yon rèl andedan kay ou konnen ki gen fanm ansent, al frape pòt la mande sa ki genyen, enpi ofri èd ou, pote konkou si se fanm ansent la ki an danje.

Men atansyon, pa janm bliye tou lè w rann yon moun sèvis, sa vledi w pa dwe chèche, ni w pa dwe aksèpte okenn rekonpans.

Si pandan w ale konsilte nan lopital, nan dispansè, ou sispèk gen yon fanm ansent ki pa byen, tanpri rele yon travayè sante, eksplike l pou li konsidere fanm ansent la tankou yon ka ijan.

Si wou menm se mari ou byen frè ou byen papa yon fanm ansent, pa bliye w te pase anndan vant yon fanm ansent tou, tanpri pa fè vyolans sou li.

Tanpri souple pa fimen bò kote fanm ansent dekwa pou ti lespwa a pa malad denpi andedan vant. Yon ti respè anplis souple pou fanm ansent, paske andedan vant yo gen lespwa k ap boujonnen.

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *