ASASEN TOUYE TRAVAYE SANTE

Anba bal sazinè nan pòtoprens, doktè Djimi Lala n mouri samdi 27 fevriye 1999, doktè Jan Ivon Tousen mouri nan dat lendi premye mas 1999 nan maten, nan yon peyi ki pa gen ase travayè sante.

Chak travayè sante kapab pote kontribisyon yo nan eseye rezoud pwoblèm ensekirite jeneral la, lè yo kontinye fè jefò pou yo bay malad yo bonjan akèy, sèvis rapid san neglijans ak meyè sèvis sante nan klinik, nan dispansè, nan lopital.

Konsa popilasyon an ap gen plis konfyans nan travayè sante yo, kote yonn ap gen enterè pwoteje lòt…

Enpi, meyè fason nou ka rann yo omaj, onore memwa travayè sante yo ki mouri ak tout lòt moun ki viktim zak sazinay, se pa nan bèl pawòl ak pwomès jodi, ou byen yon ti manifèstasyon denmen, men se nan zak nou prèt pou nou komèt, nan sakrifis nou prèt pou n fè toulejou dekwa pou sosyete a chanje..

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *