FIMEN SE REKLAM POU LANMÒ

Lè moun pran plezi nan fimen tabak, sigarèt, katchim, fabrik, nan priz tabak an poud, yo dwe konnen tabak konn mennen moun anba tè.

Lè moun fimen, lafimen an rantre al kaye andedan poumon yo. Selon kantite sigarèt moun lan fimen chak jou, selon kantite lane moun lan pase l ap fimen, li ka vin soufri maladi ki rele KANSÈ NAN POUMON. Kansè a, se boul vyann ki devlope andedan poumon yo, li bouche poumon yo, enpi boul yo gaye andedan tout kò a pou yo touye moun lan.

Lafimen sigarèt tankou lafimen ki soti nan kèk izin gen pwazon ki ka bay moun kansè nan poumon, nan lang, nan gòj, nan bouch, maladi nan kè ak nan venn yo.

Gendefwa, menm si w pa konn rale nyaj sigarèt wou menm, si moun ap fimen toutan kote w demere, denpi w respire lafimen an, ou kapab vin malad tou…

Lè w gen lontan w ap fimen, si w deside kite fimen tout bon, apre 10 lane konsa san w pa fimen, poumon w vin prèske nòmal tankou yon moun ki pa t janm fimen. Savledi, ou vin gen plis chans pou maladi kansè nan poumon pa atake w.

Anpil moun kòmanse fimen denpi yo gen ti laj, swa paske zanmi ou byen fanmiy antrene yo, swa paske edikatè nan lakòl ou byen travayè sante ap bay move egzanp fimen, swa paske reklam nan radyo, nan televizyon, nan ansèy pa janm di laverite sou kantite lanmò ak dega fimen sigarèt lakòz nan sosyete a.

Si w ponkò gen metye fimen, pa pran chans, si w te deja kòmanse fimen, fè jefò pou w kite fimen, konsa n ap pwoteje tèt nou, fanmiy nou, ak sosyete a…

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *