TI MOUN  SE LESPWA

Ti moun nan peyi dayiti merite anpil pwoteksyon sosyete a, paske ti moun se lespwa…. Nou konstate genyen anpil sibstans tankou dwòg, tabak ak alkòl k ap fè dega nan sosyete a. Pou pwoteje ti moun yo kont dezagreman alkòl, mwen menm doktè Polikap lè m te senatè mwen te ekri yon pwopozisyon lwa tout senatè yo te vote l  nan dat 12 desanm lane 2012. M panse l enpòtan pou m pataje ak nou kèk pasaj nan lwa sila pou listwa toujou rete vivan.

Anvan m te ekri lwa sila m konnen te déjà genyen anpil enstitisyon ki sanse itilize konstitisyon peyi a tankou gid yo nan travay pwoteje ti moun yo. Enstitisyon sila yo se konvansyon nasyonzini sou dwa ti moun, se tribinal pou ti moun, se enstiti byennèt sosyal, se sèvis ki okipe zafè sikilasyon sou wout yo, se ministè komès ak endistri, se ministè agrikilti resous natirèl ak devlòpman riral, se ministè sante piblik ak popilasyon

Lè n konsidere ti moun reprezante lavni peyi dayiti, kote leta gen obligasyon pwoteje enpi ankadre ti moun yo pou pèmèt yo gen bonjan devlòpman entèlijans yo, lèspri ak kò yo nan sosyete a

Lè n konsidere alkòl ak tout bwason ki gen alkòl nan yo gen posiblite desonnen kò ak lèspri ti moun yo, enpi kapab lakòz anpil twoub mantal ak twoub nan konpòtman ti moun yo

Lè n konsidere kantite dega tèt chaje nou konstate lakay  fetis kivledi ti bebe anndan vant fanm ansent ki gen abitid bwè alkòl

Lè n konsidere yon derive alkòl yo rele Etanòl frelate, ki se yon pwazon vyolan pou divès òga n nan kò moun, ki ka fè moun vin avèg vin soud, ki ka fè moun pa ka pran gou manje, ki ka fè moun pa ka pran odè pa ka santi kèk sansasyon

Lè n konsidere nesesite pou n kreye tout mwayen anviwònman nòmal pou evite ti moun yo pran kontak ak tout bagay ki ka fè ti moun yo vin depann de alkòl ak bweson ki gen alkòl

Lè n konsidere ijans ki genyen pou pwoteje sosyete a kont tout kalite vyolans k ap fèt anndan kay yo, nan lari,  ak tout kalite aksidan sou wout yo lakòz moun sou,  ki bwè alkòl

Lè n konsidere se wòl leta atravè ministè komès ak endistri, ministè jistis ak sekirite piblik, ministè sante piblik ak popilasyon, pou mete regleman enpi kontwole zafè komès alkòl sou tout teritwa a

Senatè  Westner POLYCARPE pwopoze enpi  asanble Senatè yo  vote   lwa pou pwoteje ti moun yo kont alkòl. Lwa sa a genyen 21 atik….Pami 21 atik sayo m ap pataje ak nou 5 nan atik sayo

Atik 1 : Lwa sa a se pou pwoteje sosyete a an jeneral,  ti moun yo ak fanm ansent yo an patikilye kont tout risk vyolans lakòz moun ki sou, ki bwè twòp alkòl

Atik 8 : Li entèdi pou moun enpòte alkòl yo rele « Etanòl frelate » pwazonnen swa pou yo bay moun bwè ou byen pou fabrike bwason ki gen alkòl

Atik 13 : Lwa sa kondane tout fanm ansent ki bwè alkòl ou byen bagay ki gen alkòl. Paske yon fanm ansent ki bwè alkòl se yon deli.

Article 17 : Tout chofè veyikil yo kenbe, pandan l ap kondui, ak kantite alkòl nan san l ki depase sa la lwa pèmèt, chofè sa ap pran prizon, l ap peye amand enpi y ap retire lisans li, pèmi pou l kondui pandan yon bout tan.

Article 18 : Tout chofè veyikil ki sou, pandan l fè aksidan ki lakòz lòt moun blese grav, ki lakòz lòt moun vin kokobe, ki lakòz lòt moun mouri, chofè sa ap pran prizon enpi l ap peye domaj ak enterè bay fanmiy eritye viktim ou byen dèfen an.

Lwa sa a vote nan sena repiblik dayti nan dat  12  desanm 2012,  209ème ane lendepandans peyi dayiti . Pou listwa toujou rete vivan…..

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *