POUVWA LAKOU KASASYON SE MENM SISTÈM LAN

Jij nan Lakou Kasasyon se reprezantan mateli-jovnèl-youri latòti-kolon blan kò gwoup ak tout arab izrayelyen bèk fè ki pentire zèl yo an Ayisyen. Se aparèy jistis pouri sa, sitou jij lakou kasasyon yo ki veritab garan sistèm peze souse a. Kisa aparèy jistis sa a fè pou l mete kòd nan nan kou vòlò ak kòwonpi? Nou pa dwe bay Chat veye Bè

Kasasyon sa p ap janm revoke tout jij kòwonpi jovnèl di l chouke nan aparèy jistis la

Kasasyon sa p ap trennen lajistis tout polisye ki bay lòd ak tout polisye ki maltrete enpi pete zizye militan

Kasasyon sa p ap bay jistis ak tout militan ki mouri nan batay mobilizasyon pou dechouke jovnèl ak sistèm lan.

Kasasyon sa p ap pèmèt bonjan eleksyon onèt ak demokratik. Kasasyon sa p ap trennen lajistis tout konplotè ki te manniganse koudeta elektoral pou chouke tèt kale

Kasasyon sa p ap reklame pou nasyonzini dedomaje tout ayisyen viktim maladi kolera

Kasasyon sa  pral bay amnisti kase fèy kouvri sa pou tout vòlò petrokaribe

Denpi apre reprezantan menm sistèm peze souse sa te fin sazinen Papa Desalin, Sistèm lan ponkò chanje. Se Papa Desalin ki te gen kouray dechouke blan, kraze sistèm esklavajis kapitalis la pou l chouke yon lòt sistèm anfavè jistis sosyal pou tout pèp ayisyen an.

Apre dechoukay jovnèl, batay pi rèd pou dechoukay lapwòptay la.

Majorite pèp ayisyen an dèyè barikad yo, nan lari a pa dakò ak zafè jij magouyè lakou kasasyon pou asire okenn tranzisyon

Anndan pouvwa tranzisyon pou dechouke sistèm lan pa dwe genyen reprezantan menm sistèm nou vle dechouke a.

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *