ANDIKAPE

Vini an bèl, ale a konn lèd. Moun konn fèt tou andikape, kivledi moun lan fèt ak defo nan kò l ou byen nan lèspri l ki pa pèmèt li itil sosyete a jan li ta ka fè l si li pa te gen pwoblèm.

Gendefwa, se pandan moun lan ti moun ou byen li granmoun li vin andikape, defo vin parèt nan kò l ou byen nan lèspri l.

Pa egzanp, lè moun lan Bòy, kivledi li wè nan yon sèl grenn zye, ou byen lè li avèg savledi li pa wè nan toulede zye, se yon gwo andikape.

Lè moun lan soud, li pa tande, se yon andikape. Lè moun lan bèbè, se yon andikape. Lè lèspri timoun ou byen granmoun lan pa adapte selon laj li ak sosyete l ap viv ladan l lan, se yon andikap pou li.

Lè yon moun gen bout men, ou byen bout pye, lè pye moun lan pa byen devlope, sa ki lakòz li pa mache kòrèk ou byen si li pa ka mache menm, se yon andikape. Yon andikape, se yon moun tankou tout lòt moun, ki kapab itil sosyete a.

Akòz andikap, yon moun ka gen plizyè difikilte. Lè sa a, moun pa dwe pran plezi sou andikap yon lòt moun, nou pa dwe imilye yo, nou dwe ede yo travèse lari, sede yo plas nan machin, pou yo chita, fè yon ti bout wout ak yo si moun ki t ap ede yo a fè kòlè.

Nou dwe aprann timoun yo pou yo pa anmède ni voye wòch sou moun ki andikape, nan lari ou byen nan lekòl yo.

Si w gen travay ou panse yon andikape ka fè, ou dwe bay li fè l pou pèmèt li kontribye enpi jwenn plas li nan sosyete a tou. Enpi, nan chak fanmiy gen yonn ou byen plizyè andikape…

Bòs Jozafa, se yon bòs mason ki te fè yon gwo aksidan nan travay li, pye l kase.

Lè l desann sot lopital, li mache miwomiba. Denpi lè sa, yo pa rele l bòs Jozafa ankò, yo rele l bout pye, yo rele l bòs toklo, yon ti non jwèt ki pa te janm sispann fè bòs Jozafa soufri jis li rantre anba tè…

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *