APRE AKOUCHMAN YO DI…

Nan peyi dayiti, lè yon fanm fin akouche, yo konn fè l kwè yon bann bagay. Yo fè l kwè lè pitla sòti li kite yon gwo twou andedan vant la, se anpil bannann pou fanm lan manje, gwo dlo cho, ak byen toufe ki ka fè twou a fèmen, pou van pa vole fanm lan.

Nou dwe konnen yon fanm ki fin akouche, se yon fanm nòmal, pa gen okenn twou ki rete andedan vant la.  Fanm ki fin akouche a ka mennen yon vi nòmal. Dlo cho ak toufe fanm lan pa nesesè. Dlo cho konn lakòz fanm brile grav, nan dèyè, nan bouboun, nan perine l.

Lè pitit la gen difikilte pou li pase, kò fanm lan konn chire si se pa travayè sante ki fè akouchman an. Men si se travayè sante ki fè akouchman an, li toujou konnen lè pou li fè epizyotomi, kivledi li bay fanm lan yon kout sizo nan kò fanm li, yo konn di kout bistouri, pou pèmèt pasay la pi fasil.

Apresa, travayè sante a dwe koud fanm lan lamenm. Nou pa dwe kwè se dlo cho ki ka kuit plè a pou li fèmen.

Lè yon fanm ansent fin akouche, li ka manje nenpòt bagay. Nou pa dwe kwè se lèt blanch, diri blan, kalbas dous ou byen krab blanch ki bay pwoblèm vant fè mal ou byen pwoblèm lanmè.

Dabò menm lanmè se dlo sale, ki kote pou lanmè ta sòti pou li rantre andedan vant?

Nou pa dwe kwè se move manje ki lakòz fanm ki fenk fin akouche bay ti dlo blanch ou byen jòn nan kilòt li. Se pa bagay fanm lan manje ki ka gate vajen li. Pi souvan, se yon enfeksyon ki ka lakòz nenpòt fanm bay ti dlo nan kilòt li…

Enpi, lè w vizite sit www.atlantikayiti.net, ou jwenn bonjan enfòmasyon sou sa yo di ki pa la verite…

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *