BWÈ ALKÒL SE TRAKA

Lè yon moun bwè twòp gwòg: kleren, byè, wiski, madè, renmèd tranpe nan kleren ou byen nan alkòl, diven…, se traka pou li menm, se traka pou kominote a.

Akòl la, lè w bwè l, li gaye andedan tout kò a, li aji sou fwa, sou ògan kò a, li ka lakòz moun lan vin soufri maladi emowoyid kote venn yo dilate nan dèyè l. Li kapab fè moun lan vin soufri maladi siwoz fwa…

Lè yon moun ki abitye bwè anpil alkòl pra l fè operasyon, travayè sante ap bezwen plis renmèd anèstezi pou andòmi l, sa ka lakòz operasyon an vin pi difisil ak traka pou lè malad la pra l revni.

Moun ki abitye bwè alkòl ka soufri maladi mal manje akòz li pa grangou, enpi lè l manje, li souvan gen anba kè fè mal.

Moun ki bwè alkòl konn gen gwo dyare san rete akòz manje l manje pa ka dijere byen; moun sa konn soufri maladi Beri Beri ak Anemi akòz li manke plizyè vitamin ak lòt bagay nesesè pou kò l.

Gason ki kwè nan bwè gwòg, li vin gen plis pisans seksyèl, li fè erè paske lè l bwè gwòg, li sèlman vin pa wont pale ou byen kòmanse relasyon ak patnè a, men pi devan li pra l gen enpisans seksyèl akòz gwòg la.

Lè yon fanm ansent bwè gwòg, sa ka lakòz li akouche yon ti bebe ki gen ti pèz piti, ti tèt, sa ka lakòz ti bebe a kreten pa ka aprann lekòl lè l gran, ti bebe sa konn fèt ak yon bann defò nan kò ak nan lèspri l. Lè yon fanm ansent bwè gwòg, sa menm konn fè l akouche anvan lè l ta dwe akouche, ou byen li ka fè avòtman.

Lè yon chofè machin bwè gwòg, li sou, li pi fasil fè aksidan, sa ki mete lavi ti moun tankou granmoun andanje nan lari tankou andedan kay. Lè sa a chofè sou a ka konsidere machin li tankou sèkèy li.

Moun ki bwè gwòg konn resevwa pwazon nan gwòg lakay li ou byen lè l ap trennen nan lari. Se konsa, moun ki sou pa itil tèt li, li pa itil fanmiy li, ni li pa itil sosyete a…

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *