DWÒG

Se denpi nan tan lontan moun te konn pran Dwòg. Men, sa apèn gen plis pase 50 lane denpi zafè dwòg la mete sosyete tout peyi sou latè tèt anba.

Lontan,yon dwoge te yon granmoun ki t ap viv sèl. Enpi moun te abitye pran dwòg nan yon seri ti gwoup fèmen. Men sa ponkò gen twò lontan  denpi se nan kèk òkès djaz k ap jwe mizik moun ap pran dwòg nan gwoup. Konnyè a, se plis jenn moun k ap pran pwazon ki rele dwòg la, kivledi se nanm tout sosyete a ki malad, se pa sèlman kèk dezevre.

Kisa ki ka lakòz jèn yo pran dwòg?

Pi souvan, yon jèn rantre nan zafè dwòg paske l anvi fè eksperyans, l ap chèche konnen kisa dwòg la ye. Jèn sayo konn manke siveyans paran ak bon edikatè. Nan lòt ka se yon zanmi ou byen yon ti gwoup zanmi ki fè presyon sou jèn lan sitou si lèspri jèn sila fèb anpil.

Gendefwa jèn yo kòmanse pran dwòg akòz mannèv dilè, kivledi revandè dwòg, ki fè jèn lan kado dwòg pou li abitye, enpi pou l vin depann de dwòg la, apre sa dilè a fòse jèn lan achte enpi vann dwòg.

Men gen kèk fwa, kèk enfòmasyon ak kèk emisyon nan radyo, nan televizyon konn patisipe nan konplo fè reklam pou dwòg pandan yo fè konmsi se kritike y ap kritike zafè dwòg la.

Pa egzanp,lè yon reklam di : « si w fimen dwòg mariwana w ap mouri », sa atire kèk jèn ki pèdi lèspwa al chèche mariwana pou yo touye tèt yo, men lè yo pran dwòg la yo pa mouri, li mete yo nan yon eta ki fè yo bliye sousi yo te genyen. Lè sa a jèn lan tou rantre nan pran dwòg pou toutan.

Men rezon fondamantal ki lakòz yon moun pran dwòg, se pwoblèm sosyete a ki pouse moun lan izole tèt li nan chèche yon solisyon fasil tankou pran dwòg.

Malerèzman, moun ki plase pou yo pwoteje sosyete a kont zafè dwòg la, se pifò nan yo menm ki rèsponsab komès dwòg la,

Lè yon moun pran dwòg, dwòg la lakòz li komèt anpil move zak nan sosyete a, swa paske l toujou bezwen dwòg la, swa paske menm sosyete a rejte dwoge a . Pami move zak sa yo, dwoge a konn vòlè zafè moun, li bay moun manti toutan enpi li fè presyon sou moun pou l jwenn lajan. Si dwoge a konn fè èspò, li souvan fè kòken nan pran dwòg pou li gen plis rezistans.

Dwoge gason yo kapab vyole fiy, kivledi fòse yon fiy kouche ak yo pou fè lanmou. Yon dwoge kapab menm rive touye moun ou byen touye tèt li lè l pran dwòg la twòp.

Kijan nou kapab konbat zafè dwòg la?

Pwoblèm dwòg se pwoblèm tout peyi sou latè. Dwe gen gwo pinisyon kont tout moun k ap antrene lòt nan zafè pran dwòg ou byen k ap fè komès dwòg. Travayè sante yo dwe pran anpil prekosyon lè y ap fè òdonans medikaman ki gen sou moun prèske menm reyaksyon ak kèk dwòg.

Se sèl travayè sante kalifye pou sa ki gen dwa prèskri nenpòt renmèd.

Rèsponsab yo dwe fè edikasyon popilasyon an san rete, nan lekòl, nan mache, nan legliz, nan lari, nan radyo nan televizyon, nan lopital, tout kote moun ka rasanble,  rèsponsab yo dwe eksplike moun tout danje ki gen pou sosyete a, lè yon moun pran dwòg.

Lè yon moun pran dwòg, li vin plis malad akòz li p ap viv selon prensip sosyete a. Se sa ki lakòz dwoge a vin èsklav pwazon dwòg la. Puiske se sosyete a ki rèsponsab maladi  dwòg la, se menm sosyete a, atravè èstrikti leta yo, ki dwe fè tout jefò pou li bay dwoge yo swen yo merite.

Leta dwe louvri enstitisyon kote tout dwoge resevwa gratis renmèd ki pèmèt yo pa kontinye pran dwòg, enpi kote yo kapab jwenn mwayen pou yo aprann retounen viv nòmalman andedan sosyete a ankò.

Pwoblèm dwòg la, se pa pwoblèm yon sèl moun, se pa pwoblèm yon sèl fanmiy, se pa moun ki pran dwòg la ki malad, se tout sosyete a ki malad. Se tout sosyete a ki dwe patisipe nan chèche enpi jwenn solisyon…

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *