EDIKASYON AK SANTE: 2 SÈ MARASA

Nan peyi dayiti, nan chak bout kwen andedan gran vil yo, kote w pase se lekòl. Lekòl ak bòlèt pou fè lajan sou do malere nan move kondisyon.

Klas yo plen ti moun, andedan sal klas la tèlman fè nwa, ti moun yo pa wè tablo a byen, yo pa ka rèspire byen, ale wè pou yon ti moso lijyèn…

Si yon ti moun gen yon pwoblèm maladi, anndan lekòl la distans pou yo kouri ak li nan dispansè ki pi pre a, li ka gentan mouri ou byen domaje. Menm dlo pwòp ou p ap twouve andedan lekòl yo.

Alò, wou menm ki rèskonsab edikasyon nan sosyete a, se pa sèlman pran, men fòk ou bay bonjan kondisyon pou pèmèt ti moun yo, ti inosan yo pa viktim maladi pandan y al chèche yon ti pen lenstriksyon nan lekòl.

Nou pa dwe bliye: Levasyon ak sante, se 2 sè marasa.

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *