ENSEKIRITE NAN PEYI DAYITI

Nan yon peyi kote pa gen kontwòl sou anyen, nenpòt moun fè nenpòt medikaman rantre nan peyi dayiti, nenpòt kijan, nenpòt lè. Tèt kase pou malere.

Pwoblèm sante tèlman mare ak pwoblèm ekonomi, plizyè moun panse meyè fason yo ka jwenn lasistans se louvri boutik grenn ak piki.

Se konsa yon jou mwen sòti lopital ak papye òdonans doktè. Chak famasi m pase, yo mande m yon pri pou menm medikaman an.

Lè m retounen demen, menm famasi a monte pri a li te di m ayè a, enpi yo di m si m pa kouri pran medikaman an, apresa m p ap jwenn li menm ankò.

Se pou wè gwo chabrak yo ka kreye ensekirite nan zafè sante a, sou do maladi malere pou yo vin pi rich. Se konsa pòv malare ap toujou viktim ak renmèd dat pase, ak renmèd nan mache nwa.

Lè w tande gen rèsponsab pou kontwole zafè medikaman k ap rantre nan peyi a, lè w tande gen rèsponsab pèp la ap peye pou kontwole renmèd k ap rantre nan kò moun pou proteksyon sante ti ayisyen, rèsponsab sayo pi fò nan kalkile enpi, ranmase gwo pousantaj nan men zotobwe parèy yo.

Sa se zak ensekirite…

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *