FAMASI PA BOUTIK

Konpè Òska ki malad, li ale lakay doktè. Lè l rive doktè a mande l :

-Ki sa w santi msye Òska?

-Dòk, mwen santi m pa bon menm paske denpi yon senmenn, mwen gen yon gwo lafyèv san rete, tèt fè mal, vant fè mal, bouch pa dou, enpi anyen pa rete nan vant la.

Apre doktè a fin konsilte Òska, li fè analiz pou li. Li dekouvri se yon maladi tifoyid ki te vle pote Òska ale. Doktè a bay Òska prèskripsyon pou li ale achte medikaman nan famasi.

Lè Òska fin bwè medikaman li tèlman refè, li pa menm sonje tounen nan randevou doktè a. Twa mwa apre sa, Òska tounen malad ankò, li pa chèche chimen dispansè ak lopital, li deklare: “Sòt ki bay, enbesil ki pa pwan”. Li rantre nan yon famasi, li achte menm medikaman yo doktè a te prèskri l, li bwè. Lè sa a konpè Òska vin pi mal. Apre 2 semenn, li rive pèdi lavi l.

Famasi pa dwe livre moun medikaman san prèskripsyon, san òdonans, paske famasi pa boutik.

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *