GREV NAN LOPITAL JISTINYEN

Nan mwa mas 1999, travayè sante soutyen nan lopital jistinyen nan vil okap,  sispann travay pou yo reklame meyè kondisyon travay, meyè swen ak akèy malad nan lopital la.

Travayè sante soutyen sa yo reklame pou direksyon lopital la bese pri kat konsiltasyon pou malad, yo mande pou pri analiz , radyografi ak renmèd bese andedan lopital la. Alòs, tout moun konnen direktè yo resevwa lajan ak renmèd pou distribye gratis bay malad, travayè sante soutyen yo plenyen pou pri operasyon ki konn monte gwo lajan, ki pa depanse pou antretyen lopital la ki se yon lopital leta ; yo fè kòlè paske nan yon gran lopital konsa gen sèlman 2 twalèt mal okipe enpi kondisyon ijyèn jeneral lopital la pèmèt moun panse se plis maladi travayè sante tankou malad vin trape nan lopital la.

Lè travayè sante soutyen nan lopital jistinyen malad, yo sibi imilyasyon tankou nenpòt lòt malad malere. Anplis direktè lopital jistinyen ak direktè depatman sanitè nan nò fè yo travay pandan plizyè mwa san yo pa ka touche salè yon ti kraze monnen chak mwa. Rèsponsab yo pa bay yo manje, ni bon kote pou yo dòmi.

Yon travayè sante soutyen, se poto mitan yon lopital ; li merite anpil rèspè ak konsiderasyon nan men malad, nan men paran malad ak nan men tout lòt kolaboratè travayè sante nan lopital la, tankou mis, doktè, teknisyen. Paske se travayè sante soutyen yo ki soutni travay lòt travayè yo, se yo ki okipe zafè netwayaj, pwòte, lòd materyèl, se yo ki okipe zafè transpòte moun mouri, yo transpòte malad, fè manje, lave pase rad pou malad…

Nan tout bon lopital, travayè sante soutyen yo dwe jwenn bonjan nosyon lijyèn, ekipman nesesè lè y ap travay, tankou mask, gan pou yo mete nan men yo ak fòmasyon sou maladi nou pi souvan rankontre nan kominote a, dekwa pou yo pran plis prekosyon ak maladi atrapan yo.

Travayè sante soutyen yo dwe jwenn bonjan swen gratis nan enstitisyon y ap travay la, enpi yo dwe touche regilyèman pou travay yo fè, paske lopital la fè resèt, leta bay kòb pou fè lopital la fonksyone, enpi gwo direktè yo toujou touche plis pase sa leta mete nan chèk yo.

Direktè sayo ap plen pòch yo pandan yo lage sante popilasyon an nan men yon kòlonn chalatan blan tankou nèg andeyò vil yo, y ap fè komès ak vye vaksen, vye renmèd y ap eseye sou nou. Enpi y ap pwomèt nou sante pou nou tout nan lane 2000.

Okenn travayè sante pa gen plis valè pase lòt. Lè yonn rekonèt valè ak enpòtans travay lòt, tout travayè sante ap gen pi bon kolaborasyon nan benefis chak malad k ap jwenn meyè swayaj.

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *