FÈ TI BO POU MWEN

Karese m, fè ti bo pou mwen, men pa banm maladi.

Lè moun soufri maladi nan fè ti bo,

Li gen gòj li ki anfle, li fè l mal,

Li gen glann dèyè tèt ak debò kou,

Li konn gen ti lafyèv,

Enpi yon ògan andedan vant yo rele larat, ki vin pi gwo.

Nou pi souvan rankontre maladi fè ti bo lakay jenn fiy ak jenn gason ki gen laj ant 10 ak 18 lane.

Si yonn nan yo te soufri maladi a,

Lòt la trape mikwòb la nan saliv bouch,

Lè yonn ap souse lang lòt la…

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *