FÈ LANMOU PA FÈ LAGÈ

ÈSKE NOU KA KONSIDERE FÈ LANMOU TANKOU YON ÈSPÒ?

Lè 2 moun damou ki dakò yonn ak lòt, kote yo toulede ap kolabore, kò yo fè mouvman, kè yo bat pi vit, yo respire pi vit, yo sye.

Kivledi, nan fè lanmou gen egzèsis kò a.  Gen egzèsis lèspri a tou paske 2 patnè yo santi yo byen anvan, pandan ak apre relasyon lanmou an.

Fè lanmou, se yon èspò ki kapab fè mouche ak madanm viv miyò. Se konsa, pou fè maladi malantant rekile, olye mouche ak madanm joure, goumen, fè lagè, li pi bon pou yo fè èspò lanmou.

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *