GAN POU MATWŌ N

Pati ki sitiye ant twou bouboun fanm ak twou kote li kaka a, yo rele pati sa Perine. Lè fanm ansent ap akouche, sitou pou premye fwa, perine a konn chire lè pitla gwo ak lè twou vajen an piti. Lè fanm lan chire konsa, li fasil pou li trape enfeksyon nan plè a. Gen kèk fanm ki kwè se dlo cho ki pou kuit plè a pou li fèmen, sa se manti.

Lè fanm lan chire konsa, li dwe ale nan lopital ou byen nan dispansè pou travayè sante koud li. Si fanm lan pa koud, li pra l regrèt sa denmen, paske mesye pra l plenyen di bagay la twò laj, twò lib.

Si se matwòn ki fè akouchman an pi souvan men matwòn lan pa gen gan. Kivledi, enfeksyon ak mikwòb ka sòti nan men matwòn pou li ale nan blesi vajen fanm nouris la ak nan kòd lonbwit ti bebe a. Menm jan tou, mikwòb ki sòti nan san manman an ak nan san ti bebe a si yo te malad, ka al jwenn fanm say la.

Enpi leta di li fòme matwòn, li bay matwòn bwat. Ēske leta depatman sanitè yo bay matwòn yo gan pou yo mete nan men yo, pou yo pwoteje tèt yo, fanm ansent ak ti bebe yo kont maladi tankou sida, tetanòs, sifilis moun ka trape nan san ?

Li lè li tan pou bèl pawòl fini pou bèl aksyon boujonnen.

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *