MALADI  BOUL  NAN TETE

Maladi kansè nan tete se timè solid nou pi souvan rankontre lakay fanm sitou nan peyi yo di ki devlope, men nou jwenn anpil ka konsa nan peyi dayiti. Pou chak 100 fanm gen omwen 8 nan yo ki soufri maladi boul nan tete. Jis jounen jodi, lanmò lakòz maladi kansè nan tete, se yonn nan pi gwo pwoblèm sante piblik. Se pou rezon sa mwen panse l enpòtan pou m pale nou de maladi boul nan tete. Nan ti pawoli nou pral fè, m pral eksplike  nou kòman pou n byen egzamine fanm ki gen pwoblèm nan tete, enpi nesesite pou dyagnostik la fèt rapid pou evite pèdi tan, yon mannyè pou trètman an tanmen byen vit.

Nan kad trètman maladi boul nan tete genyen 2 règ fondalnatal:

Premye règ la:  tout analiz yo dwe gwoupe, pa dwe gen analiz  ki pa itil,

Dezyèm règ la:  Doktè dwe toujou evite fè trètman eprèv kivledi trètman san dyagnotik byen klè.

Eske se fanm sèlman ki ka soufri maladi boul nan tete?

Gason tankou fanm kapab soufri maladi boul nan tete. Pou chak 100 moun ki soufri maladi kansè nan tete, yonn sou 100 se gason. Men lakay gason kansè nan tete pi grav pase kansè nan tete lakay fanm, paske kansè nan tete lakay gason anvayi tout pati pwatrin lan byen rapid. Pi souvan, se apre laj 50 lane kansè nan tete atake gason, enpi kansè nan tete lakay gason souvan depann de òmo n.  Souvan gason k ap resevwa trètman pou kansè nan pwostat, konn devlope maladi kansè nan tete. Menm jan tou, gen gason trans-seksyèl  ki konn pran òmo n pou chanje sèks yo. Gason sayo tou konn devlope kansè nan tete. Pou sa ki konsènen trètman kansè nan tete lakay gason, se egzakteman menm jan trètman an fèt lakay fanm.

Gendefwa gland mamè ou byen boujon tete lakay kèk jenn gason konn pi devlope pase jan l ta dwe devlope nan laj pibète.. Okenn trètman konn pa nesesè paske gland mamè a konn reprann fòm li san pwoblèm..

Lè gland mamè a ou byen tete a pi devlope konsa lakay gason, yo rele sa jinekomasti. Lakay gason ki gen laj pi avanse jinekomasti a kapab prezante nan divès sikonstans  tankou: si gason an ap  pran medikaman ki aji sou tete a, ou byen si gason an soufri kèk maladi nan gland andokrin yo, ou byen si li soufri kèk maladi nan fwa.

Nan ka jinekomasti a doktè yo souvan pwopoze yon operasyon yo rele mamèktomi sou kitane, kivledi  yo retire moso tete anplis la anba po kò a pandan yo konsève mamlon an kivledi pwent tete a.. Nou pa dwe bliye tou gen jinekomasti ki konn chanje karaktè ki vin tounen kansè nen tete

Nan ki laj fanm pi souvan devlope maladi boul nan tete?

Jèn fanm anvan laj 33 lane gen plis chans devlope  timè beniy nan tete, kivledi boul  ki pa grav nan tete, sepandan, apati laj 35 lane risk pou devlope maladi kansè nan tete vin pi gran.

Lè fanm premye fè pitit bonè, sanble sa pote plis pwoteksyon kont maladi kansè nan tete.. Savledi fanm ki pa janm fè pitit ou byen ki fè pitit nan ta, gen plis risk devlope maladi boul nan tete. Sèlman mezanmi, m pa di sa pou jèn ti moun kouri tonbe al fè pitit  twò bonè non !!!

Nou dwe konnen gen anpil sikonstans ki pa gen anyen pou wè ak devlòpman maladi boul nan tete. Pa egzanp grenn planin ni bay ti moun tete pa fè fanm vin soufri maladi boul nan tete.

Li toujou enpòtan pou fanm konsilte lakay doktè pou gade si l pa gen boul nan tete, sitou si nan fanmiy fanm sa te gen fanm ki pi aje ki te swa fè operasyon nan tete, swa ki mouri lakòz maladi kansè nan tete.

Divès kalite boul nan tete ka parèt nan tete

Rezon ki pi souvan enterese fanm al konsilte se lè l remake ti boul tanmen leve nan tete l ou byen si l genyen mastodini.  Mastodini vledi: doulè ak tansyon nan toulede tete yo.. Nan tete a kapab genyen divès kalite boul

  • Si boul la parèt byen rapid, li sansib, li ka menm fè mal, li gwosi anvan règ fanm lan, enpi boul la diminye ou byen disparèt apre règ yo, enben boul sa gen plis chans pou l se yon kis
  • Yon boul nan tete ki regilye, ki pa kole anba po kò a ni nan tisi anba boul la, li « dur », solid, si boul sa pa fè mal, si li pa grandi vit lakay yon fanm ki jèn, enben boul sa se yon adeno m kivledi yon timè beniy ki pa grav
  • Yon boul nan tete ki cho, ki fè mal, se souvan yon absè ou byen yon kis ki enfèkte
  • Yon boul nan tete ki parèt tankou yon kòd ki pase antravè nan tete a, se souvan yon twonboz vènez kivledi yon venn ki bouche lakòz yon aktivite fizik espesyal nan bra menm kote ak tete ki gen boul la
  • Tout boul nan tete ki « dur » ki grandi vit ou byen rapid, ki leve ak yon plak nan po kò a ki fè po kò a fè ti twou tankou yon po zoranj, si an menm tan mamlon an kivledi pwent tete a fè pli, li retrakte ansanm ak defòmasyon tete a ak lòt ti boul ki leve anba zesèl la, gen anpil posiblite pou boul sa se yon kansè nan tete a.
  • Yon boul nan tete a ki leve tankou yon egzeman nan mamlon an kivledi nan pwent tete a, se souvan yon fòm timè yo rele maladi Pajèt ki atake gland mamè a, tete a nan pwent tete a.
  • Lè yon likid, tankou yon sòs blan ou byen krèm ap koule nan toulede tete yo, souvan li gen rapò ak yon medikaman fanm lan ap pran
  • Lè likid la ou byen sòs la ap koule nan yon sèl tete si te deja gen yon boul nan tete a, li kapab se yon kis ki pete. Se yon boul doktè yo rele papiyom ki se yon timè beniy ki pa grav. Sepandan si likid ou byen sòs k ap koule a gen koulè wouj, gen posiblite pou se yon boul nan tete a ki pi grav pase yon timè beniy.
  • Gen boul mou ki leve anba po kò nan tete a ki pa fè mal, se yon timè beniy doktè yo rele lipom ki se yon ti boul grès
  • Gen plizyè lòt kalite boul ak tout kalite non, fann ka genyen nan tete a. Doktè ap egzamine tete a ou byen tete yo, l ap fè analiz ki nesesè yo pou l detèmine kalite ak karaktè boul ki nan tete a. Si boul nan tete a ta yon kansè, nou dwe konnen menm si kansè a mechan, genyen divès degre ou byen divès èstad mechanste. Doktè yo klase maladi kansè  nan tete selon yon klasifikasyon yo rele klasifikasyon T N M.  Pou w plis konprann klasifikasyon an mwen te ka di pito  T  G M.    T   se pou timè.  G  se pou gangliyon anba zesèl ou byen nan tete a menm. M  se pou metastaz kivledi si kansè a gentan gaye plizyè lòt kote nan kò a.

Nou kapab konprann Maladi kansè nan tete, se yon fòm maladi boul nan tete kote boul la ap grandi pou l vin pi gwo pandan l ap defòme tete a. Anplis maladi kansè nan tete a lakòz lòt ti boul yo rele gangliyon leve plizyè kote nan kò a sitou anba zesèl la. Apresa maladi kansè a gen posiblite gaye nan plizyè lòt kote nan kò a tankou nan matris, nan zo , nan fwa, nan kè, nan san,  nan zye, nan poumon,  nan fwa, nan ren, nan vesi, nan trip, nan sèvo nan tèt…. Nan chak kote kansè a gaye, boul ap devlope menm jan tankou nan tete a.

Anvan trètman kansè nan tete a kòmanse, doktè a konsidere gwosè boul nan tete a, li konsidere si gen gangliyon ki atake enpi si kansè a deja gaye nan lòt pati nan kò a. Lè moun soufri maladi kansè nan tete, li gen plis chans pou l reyisi nan trètman an lè kansè a piti li ponkò twò gwo enpi li pa gen anpil gangliyon enpi li ponkò gaye anpil.. Se pousa li enpòtan pou w konsilte bonè pou  doktè gentan bloke devlòpman maladi boul nan tete a.

Alèkile genyen bon sant trètman kansè nan tete. Antouka pou maladi kansè nan tete, doktè yo ki espesyalis nan trètman kansè nan tete konbine 2 ou byen 3 kalite trètman selon degre kansè a.

Premye pati nan trètman an se Chimyoterapi ki se renmèd yo bay malad la pou l bwè ou byen pou yo bay li nan venn. Apresa yo fè operasyon pou retire tete a. Yo rele operasyon sila mastèktomi. Gendefwa, doktè espesyalis yo konn ajoute yon twazyèm pati nan trètman an  yo rele radyoterapi, ki se reyon X pou eseye touye selil kansè yo ki deja metastazye ou byen ki deja gaye nan kò a. Pandan trètman an, moun ki malad la konn gen ti pwoblèm anvi vwomi, li konn vomi,  li konn gen dyare, li konn pèdi cheve l, li konn soufri anemi san. Men apre trètman an, malad la reprann kò l nòmalman

Mezanmi, maladi ti boul nan tete, malasi gwo boul nan tete, se maladi nou rankontre nan peyi dayiti. Si w remake boul leve nan tete w pa pèdi tan al konsilte. Pi bonè se gran maten

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *