PWOPOZISYON LWA POU FÒTIFYE MANJE YO AK ELEMAN FÒTIFYAN

Poukisa mwen menm doktè Polikap, lè m te Senatè,  mwen te pwopoze yon lwa pou fòtifye manje yo ak fòtifyan ?

Pwoblèm mal manje lakòz manje yo manke fòtifyan nan yo, konsidere tankou gwo pèt nan kapital entèlèktyèl ak fizik lakay ti moun ak granmoun ayisyen yo. Gran kantite moun pa ka jwenn kantite fòtifyan nan manje yo. Sa lakòz anpil granmoun vin pa ka bay bonjan randman nan travay yo paske yo soufri maladi anemi paske manje yo pa gen kont fè. Ti moun yo menm, yo fèt ak defo nan kò yo ak nan lèspri yo paske manman yo pat pran kantite asid folik pandan premye mwa gwosès yo. Gen anpil fanm ki mouri nan akouchman lakòz maladi anemi. Ti moun yo pa ka aprann byen lekòl, enpi konpòtman yo  nan lekòl la pa kòrèk paske yo manke manje fòtifyan tankou yòd, tankou fè, tankou vitamin  A…..Nan sans sa, kosyan entèlèktyèl, kivledi entèlijans ti moun sayo vin bese anpil denpi yo tou piti..

Lè n kalkile kantite lajan ki ta dwe depanse pou rezoud pwoblèm grangou ak mal manje, se tèt chaje.. Anplis, save yo kalkile se plis pase 950 milyon dola vèt peyi a pèdi chak lane lakòz diminisyon kantite travay granmoun yo nan sosyete a. Menm jan tou, se plis pase 56 milyon dola vèt peyi a pèdi chak lane lakòz feblès fizik ak mantal moun yo, paske yo pa gen kont fòtifyan nan kò yo.

Nou kapab konsidere pwoblèm sayo tankou grav pwoblèm sante piblik ak pwoblèm kwasans ekonomik anpil lòt peyi rezoud paske responsab lòt peyi sayo fòtifye manje yo. Pa egzanp yo fòtifye farin ble ak fè ak asid folik. Yo fòtifye disèl ak yòd, yo fòtifye luil moun fè manje ak vitamin A.. Nan plizyè peyi, tankou nan peyi yo rele peyi devlope yo, yo rive rezoud ak ti kras lajan pwoblèm fòtifikasyon manje yo, ki konsidere tankou mezi prevansyon sante piblik.

Nou pral gade enpòtans fòtifikasyon disèl, farin ak luil yo…..

Enpòtans mete fòtifyan yòd nan disèl

Lè moun pa gen kont yòd nan kò l sa lakòz gwo dega nan sèvo ti bebe yo denpi anndan vant manman yo. Lè ti moun sayo kòmanse grandi, nou remake devan kou yo vin gwo. Yo rele sa maladi gwat kivledi gland tiwoyid ki plase devan kou a ap anfle. Lòt defo grav ankò, lè ti moun lan pa gen kont yòd, li vin kreten pa ka aprann lekòl, menm metye li pa ka aprann.

Nan peyi dayiti, chak lane 29 mil ti moun fèt ak feblès mantal, feblès nan lespri yo lakòz mank fòtifyan yòd. Pwoblèm manke fòtifyan yòd la touche 60 pousan popilasyon an, kivledi sou chak 100 moun gen 60 nan yo ki manke fòtifyan yòd.. Bagay la pi grav andeyò vil yo…Lè yo analize disèl k ap vann nan mache, nan makèt yo pifò nan disèl sayo pa gen fòtifyan yòd.

Denpi nan lane 1990 gouvènman peyi dayiti konfime angajman l pran pou l entegre nan politik li, batay kont mank fòtifyan tankou yòd kòm pwen santral pwogram nitrisyon nan peyi dayiti..

Enpòtans mete fòtifyan fè ak asid folik ak zenk ak vitamin nan farin yo

Maladi anemi redui devlòpman mantal ti moun yo. Nou pa dwe bliye tou sou chak 100 fanm k ap akouche, gen apeprè 20 nan yo ki mouri lakòz maladi anemi. Mank fòtifyan asid folik lakòz malfòmasyon anpil ti bebe andedan vant ki fèt ak gwo defo.

Li enpòtan pou leta ayisyen pran dispozisyon pou oblije pwodiktè ak enpòtatè yo mete fòtifyan tankou fòtifyan fè, asid folik ak vitamin nan farin ble, pou amelyore kalite manje ak sante popilasyon an nan peyi dayiti

Enpòtans mete fòtifyan vitamin A nan luil yo

Nan peyi dayiti sou chak 100 ti moun ki gen laj ant 6 mwa ak 5 lane  gen 32 nan yo ki manke fòtifyan vitamin  A. Sa lakòz defans kò ti moun silayo febli, yo gen maladi nan zye enpi yo mouri pi fasil.

Nan tout peyi, se sitou nan luil moun manje yo pi souvan mete fòtifyan vitamin A, paske vitamin A se yon luil natirèl ki melanje byen fasil ak luil moun mete nan manje. Malerezman tout luil k ap vann nan peyi dayiti yo soti nan peyi letranje, enpi yo pa genyen fòtifyan vitamin A.

Apati tout konsiderasyon sayo mwen menm ansyen Senatè Westner Polycarpe ansyen prezidan komisyon Sante nan Sena Repiblik Dayiti, mwen fè pwopozisyon lwa sila sou Fòtifikasyon manje yo ak fòtifyan. Pwopozisyon lwa sila genyen  4 chapit pou 18 atik

Premye chapit la defini modalite pou mete fòtifyan nan disèl, pou fabrike disèl enpi pou mete disèl nan anbalaj

Dezyèm chapit la defini modalite pou mete fòtifyan nan farin ble, ak anbalaj farin ble

Twazyèm chapit la defini modalite pou mete fòtifyan nan luil moun manje

Katriyèm chapit la trete kesyon dispozisyon final pou pèmèt zafè mete fòtifyan nan manje yo vin operasyonèl

Se pwopozisyon lwa sa mwen menm ansyen Senatè Polikap mwen te soumèt bay onorab kòlèg senatè yo pou pèmèt peyi a dispoze yon kad legal apwopriye ki kapab pwoteje popilasyon peyi dayiti kont tout kalite pwoblèm nan kò ak nan lespri lakòz mank fòtifyan nan manje

Se pou sa mwen te mande asanble senatè yo akòde yon vòt favorab ak pwopozisyon lwa sila..

Lè n gade atik 19, atik 111, atik 125, atik 136 ak atik 159 konstitisyon repiblik dayiti

Lè n gade dekrè 13 mas 1987 ki bay ministè komès ak endistri yon estrikti administrativ pou ede l ranpli misyon l kòmsadwa

Lè n gade dekrè 30 septanm 1987 ki òganize fonksyònman ministè agrikilti, resous natirèl ak devlòpman riral

Lè n gade dekrè 23 desanm 1988 ministè komès ki gen rapò ak mete etikèt sou pwodui moun manje ki vlope nan anbalaj

Lè n gade dekrè 17 novanm 2005 ki reyòganize ministè sante piblik ak popilasyon

Lè n gade angajman leta ayisyen pran nan somè mondyal pou ti moun nan vil nouyòk nan lane 1990 pou kaba mank fòtifyan yòd pou pita nan lane 2020

Lè n gade deklarasyon ministè sante piblik ak popilasyon ki adòpte estrateji yodasyon inivèsèl disèl pou moun manje ki soti nan lanmè

Lè n konsidere mank vitamin ak lòt fòtifyan yo ki se yon « lòt fòm grangou », konstitiye yon veritab pwoblèm sante piblik nan peyi dayiti

Lè n konside tout grav konsekans sanitè ak konsekans sosyo-ekonomik lakòz feblès ou byen mank fòtifyan nan manje, konsekans tankou : ogmantasyon mòtalite kivledi kantite moun ki mouri ak ogmantasyon mobidite kivledi kantite ka maladi, ak chanjman nan devlòpman fizik ak mantal, ak diminisyon kapasite travay ak kapasite pou moun aprann

Lè n konsidere mete fòtifyan nan manje yo se pi gwo entèvansyon ki pèmèt yo rezoud pwoblèm mank fòtifyan yo enpi ki pèmèt yo elimine efè negatif mank fòtifyan yo sou sante moun

Lè n konsidere disèl ki soti nan lanmè ki pwodui nan peyi dayiti genyen yon ti kras fòtifyan yòd anvan yo lave disèl la, alòske fòtifyan yòd se yon faktè enpòtan nan amelyorasyon nan kosyan entèlèltyèl ak diminisyon mòtalite matènèl ak enfantil

Lè n konsidere se devwa leta pou l pran tout dispozisyon pou l garanti dwa tout moun pou yo viv an sante

Lè n konsidere tout kalite mezi dwe pran pou disèl, farin ble, ak luil moun manje vin rich ak fòtifyan

Sou pwopozisyon Senatè Westner Polycarpe ak Senatè Melius Hyppolite, Sena a vote lwa sila :

Pami 18 atik ki nan lwa a m ap pataje   10 atik ak nou

Atik 1 : Mete fòtifyan yòd nan disèl pou moun ak pou bèt manje, se yon obligasyon sou tout teritwa nasyonal la. Se pwodui yo rele Yodat potasyòm ou byen yodat sodyòm yo mete nan disèl la pou yo fòtifye l.

Se arete ministè agrikilti ak sante piblik, selon rekòmandasyon OPS/OMS ak Kodèkx alimenntariyis ki fikse kantite fòtifyan yòd nan disèl yo. Toutfwa, disèl yo itilize nan endistri yo pa konsène ak atik sila.

Atik 3 : Otorite yo dwe kontwole tout disèl ki pwodui nan peyi dayiti pou garanti kalite disèl la

Atik 5 : Ajan otorize kapab analize enpi verifye konsantrasyon fòtifyan yòd nan disèl yo nenpòt lè nan tout estad denpi nan fabrikasyon jis rive nan konsomasyon disèl la

Nan atik 6 la, li ekri tout disèl ki enpòte dwe genyen nan etikèt la peyi kote disèl la soti

Atik 7 Mete fòtifyan fè, fòtifyan asid folik, fòtifyan zenk ak fòtifyan vitamin B nan farin yo obligatwa sou tout teritwa nasyonal la.

Se arete ministè sante piblik ak popilasyon, ak ministè agrikilti , resous natirèl ak devlòpman riral ki fikse kantite fòtifyan pou mete nan farin yo

Nan atik 9 la, li ekri tout farin ki enpòte dwe genyen nan etikèt la peyi kote farin lan soti

Nan Atik 13 la li ekri : Ajan otorize kapab analize enpi verifye konsantrasyon fòtifyan fè ak vitamin nan farin yo nenpòt lè nan tout estad denpi nan fabrikasyon jis rive nan konsomasyon farin lan

Atik 14 Mete fòtifyan vitamin A nan luil moun manje obligatwa sou tout teritwa nasyonal la. Se sèl luil vejetal ki gen fòtifyan vitamin A ladan l ki gen dwa vann nan  mache nan boutik nan magazen nan tout peyi a

Atik 15 : Otorite peyi dayiti dwe analize enpi verifye tout pwodui ki fòtifye nan peyi dayiti ak tout pwodui ki soti nan peyi letranje.

Atik 16 Otorite peyi dayiti kapab entèdi komèsyalizasyon ak konsomasyon, enpi menm poze sezi sou tout pwodui ki pa reponn ak tout egzijans ki defini nan lwa sila ak nan tout lòt reglemantasyon

Lwa sa vote nan sena repiblik dayiti nan dat 24 septanm lane 2013,ki se 210e lane endepandans peyi dayiti. Pou listwa toujou rete vivan

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *