BWA KAYIMAN VIVAN

Nou rive nan kalfou kote plizyè tantativ dechoukay jovnèl ponkò ka abouti. Nou te panse rankont ant divès dirijan estrikti politik ak sosyal pou defini ansanm, estrateji mobilizasyon an te kapab pèmèt nou atenn objèktif nou nan sektè pwogresis la. Nou tou senpman  konfonn nosyon INITE ak ALYANS ou byen INYON.

Nou t ap eseye mete kanpe yon lidèchip kolèktif atravè yon INITE tout estrikti ki dakò ak mobilizasyon an. Eksperyans montre enposiblite pou yon veritab INITE reyalize. INITE vledi pou n vin tounen yon sèl antite. Nan konjonkti aktyèl la nou dwe rann nou kont  INITE  a totalman enposib, menm jan tou lidèchip kolèktif la vrèman difisil. INITE a enposib lakòz plizyè dirijan politik pa deside fè sakrifis abandone pretansyon yo genyen pou se yo ki vin tounen prensipal chèf.  Lidèchip kolèktif la difisil paske lènmi nou yo deja plase plizyè pyon nan mitan nou pou fware tout tantativ pou n mete kanpe yon veritab pouvwa popilè nasyonalis, pandan lènmi pèp ayisyen an pa sispann fè tout kalite fo pwomès djòb bay lidè politik nou yo ki gen souf kout.

Nou twouve nou nan sitiyasyon kote yonn kontinye ap gade sou lòt, pandan nou swete se popilasyon an ki dwe jwenn solisyon yo. Nou konnen byen si pa gen yon avangad solid, ki byen konnen wòl li, tout inisyativ izole ki pran nan mitan popilasyon an, li p ap janm abouti kote nou vle l abouti a, enpi se reyaksyonè yo k ap toujou rekipere l enpi oryante l nan sans pa yo pou kontinye alimante sistèm nou vle kapote a. Olye yonn ap gade sou lòt swa pou kritike ou byen pou aplodi ou byen pou eseye fè kapital, nou dwe poze tèt nou kesyon sou ki estrikti nan nou k ap pran inisyativ pou lanse envitasyon serye sou baz yon ALYANS  ant dirijan estrikti ki rete makònen ak lide nasyonalis pwogresis nan enterè mas pèp la. ALYANS nan sans antant, ou byen akò pou n konstrui yon nwayo avangad fonksyonèl sou baz ideyolojik

Yon ti kout pye nan listwa peyi dayiti aprann nou Janjak Desalin antèt mas esklav la te rive konstrui yon veritab avangad, ak objèktif byen klè pou dechouke kolon blan yo. Gras ak avangad la ki te gen vizyon klè, objèktif la te rive atenn, menm si annapre reyaksyonè yo te bay mas esklav yo pakala.  P ap janm kapab genyen INITE ant klas sosyal diferan, paske se kontradiksyon yo menm ki anjandre lit pèmanan ant klas sosyal yo. Kapab genyen INITE nan mitan klas dominant lan nan peyi dayiti paske l genyen yon sèl patwon ki se blan yo, men l ap difisil konnyè a pou gen INITE nan mitan klas pòv la ou byen nan mitan klas mwayèn lan paske 2 klas sayo totalman enfiltre ak klas dominant lan ki byen konnen metòd divize nou pou kontinye kontwole nou….

Nan gran kongrè Bwa Kayiman an pat gen prezans lènmi ras nwa a… Pat gen prezans reprezantan blan yo… Jodya nou konstate prezans lènmi ou byen reprezantan lènmi klas pòv la nan tout platfòm nan tout rankont sektè swadizan pwogresis la k ap reflechi sou lavni peyi dayiti. Se pa zafè pèp k ap regle…

Li ijan pou n pran dispozisyon, san fè brui, sou nesesite egzistans yon nwayo avangad pou kowòdone, pou bay direksyon ak mobilizasyon yo, enpi eksplwate estrateji ki pi adapte ak reyalite moman an. Se apati nwayo   avangad sa a kapab genyen inite aksyon tankou sa te rive fèt nan mwa dawou 1791 otou gran kongrè Bwa Kayiman an.

Gen yon save ki ekri: “pawòl yo ale, men ekri yo rete….” Men nou pito di: Pawòl pale se byen, men Aksyon toujou kite tras…

Viktwa final se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay….

MRA 26 janvye 2020

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *