AFONI

Afoni vledi: moun nan pa ka pale byen, li pèdi vwa, akòz yon pwoblèm nan larenks li. Larenks ak farenks se 2 pati nan gòj ki gen rapò ak kòd vokal la ki pèmèt moun pale. Bagay ki ka lakòz afoni se : si farenks lan paralize, si-l gen larenjit ki vledi maladi  enflamasyon farenks la. Si malad la gen kèk timè nan gòj, li ka soufri afoni. Moun ka gen afoni si-l soufri maladi tibèkiloz, si-l soufri maladi sifilis, maladi nan lèspri oubyen maladi nan tèt enpi si moun lan fè kriz isterik ou byen kriz nè, li ka pa bay okenn son lè-l eseye pale.

Pou moun konbat afoni, nou ka bay malad la bwè anpil ji kawòt, ji zepina, ji lèti oubyen nou ka fè melanj ji sa yo pou malad la bwè, l-ap bay bonjan rezilta.

SEFÒM DDWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *