REZISTANS ENDIJÈN NAN ZILE ISPANYOLA, LANMÒ KRISTÒF KOLON

REZISTANS ENDIJÈN NAN ZILE ISPANYOLA, LANMÒ KRISTÒF KOLON

Anfas zak piyay vyòl ak gaspiyay richès zile peyi dayiti, anfas imilyasyon pèp endijèn lan, rezistans endijèn lan pra-l òganize ak alatèt rezistans sa-a yon vanyan rebèl karayib ki rele : kasik kawonabo.

Kolon panyòl yo konpòte yo sou zile-a tankou se byen manman ak papa yo te mouri kite pou yo, enpi yo pat ezite fè endijèn yo tounen èsklav.

Premye chèf endijèn ki te revòlte, se te kasik kawonabo ki te pran responsabilite mennen rezistans lan. Pou-l rive ranfòse, djanmen rezistans sa-a, kawonabo te mande yon lòt puisan kasik, kasik Gwaryonèks pou yo fè alyans. Apèn alyansay sa fin konkli, 2 souvren sa yo nan tèt twoup endijèn yo, yo mache sou vil Izabela, se sa yo bliye  yo pat fè.

Men panyòl yo ki te vini pou fè lagè te deja konstri divès  ranpa, ki te pwoteje yo kont flèch endijèn yo, enpi ki te oblije gèrye endijèn yo vanse nan teren ki dekouvri. Endijèn yo pat konnen, panyòl yo te genyen fizi ak gwo zam fann fwa. Flèch bwa pa ka goumen ak bal ak boulèt kanno.

Panyòl yo pwofite masakre endijèn yo pa bann ak pa pakèt. Sa pat anpeche kasik kawonabo kontinye òganize rezistans lan, ak lòt fòm taktik, ki pra-l bay kolon yo tèt cho. Malgre tout tantativ kolon yo eseye pou yo kaptire kasik kawonabo, yo pat reyisi. Enben, yo deside itilize pyèj kòken. Kolon yo mande kasik kawonabo pou-l vin siyen yon akò, yon kontra lapè nan vil Izabela. Apre kèk jou refleksyon, kasik kawonabo komèt erè grav, li dakò pou li ale siyen kontra lapè ak panyòl yo. Apèn kawonabo rive nan pòt vil la, panyòl yo mete men sou li, yo maltrete-l, enpi yo mete-l nan yon bato pou yo depòte-l nan peyi lèspay. Lè yo rive nan mitan lanmè, panyòl yo deside mare 2 pye kasik kawonabo, ak 2 men-l dèyè do-l, yo menote-l, pou yo jete-l tou vivan nan fon lanmè. Kasik kawonabo mouri nwaye. Menm vyann kadav kò-l pat rive jwenn fanmiy li pou yo ta chante lantèman-l. Lè frè kawonabo, yo te rele Manikatèks, aprann nouvèl la, li deside pran zam pou-l vanje lanmò frè-l kasik Kawonabo. Manikatèks ki te boy, kivledi li pat wè nan yon grenn  zye, li rasanble yon gwo lame ki gen anpil volontè endijèn, men yon lame ki pa gen gwo zam fann fwa. Panyòl yo masakre lòt gwoup endijèn sa yo ankò. Se viktwa fasil sa ki pra-l detèminan pou konkèt zile-a. Apre sa, plizyè kasik ki nan rejyon-an,  te oblije aksèpte lanfè èsklavaj la. Kasik Gwaryonèks, ki li menm se yon ansyen alye kasik kawonabo, te deside bò kote pa-l kanpe tenn fas vizavi pisans dife panyòl yo. Men panyòl yo pat gen pitye, okontrè, se benyen yo fè endijèn yo benyen nan pwòp san yo, nan zòn vega reyal kote plizyè milye endijèn te peri nan eksplozyon poud fizi panyòl yo, enpi blan panyòl yo te fè chwal yo pilonnen kò vivan tankou kadav mò endijèn yo nan vega Reyal tou pre santyago.

Boekyo ki li menm se kasik Zaragwa, pat santi danje-a pre, li  te panse-l t ap gentan òganize rezistans lan, anvan asasen panyòl yo rive nan kasika pa-l la

Etan done li te deja gen gwo laj, lè-l te pran nouvèl masak panyòl yo fè nan vega Reyal ak lanmò kasik kawonabo, kasik Boekyo deside rele ti sè li Anakawona, pou-l renmèt li kouwòn lan. La rèn Anakawona, se te madanm kasik kawonabo. Nan mitan koloni-an sitirasyon an mangonmen. Se sazinay, kidnapping , briganday tout kalite ak zenglendo blan panyòl yo. Wa Fèdinan ak larèn Izabèl k-ap gouvènen peyi lèspay gen enfòmasyon sou kalamite soufrans imilyasyon, pèp endijèn  lan ap sibi.

Panyòl yo koupab, paske yo komèt yonn pami pi gran zak jenosid sou limanite nan non kolonizasyon, nan non evanjelizasyon. Wa fèdinan ak larèn Izabèl nan peyi lèspay kontinye ap poze tèt yo kesyon sou nessite pou komès esklav endijèn lan kontinye.

Sa pa anpeche kristòf kolon pouse pi lwen toujou nan pratik imilye, maltrete depòte endijèn yo. Zak kriminèl sa yo pra-l fè kristòf kolon pèdi tout kredi moral li te genyen bò kote moun ki ponkò te konnen veritab objektif li.

Men anplis kristòf kolon te mal pataje richès yo ak moun ki te depanse pou-l reyalize vwayaj la, li te pran tèt li pou sèl mèt, sèl senyè. Atitid sa, wa fèdinan ak larèn Izabèl pat deside aksepte-l. Se konsa, souvren panyòl yo ekspedye yon premye kòmando ki gen nan tèt li Wann Agwado ki soti nan peyi lèspay pou  vin swadizan mennen ankèt sou richès ak kantite byen Kristòf Kolon deja genyen. Yon lòt komando ki te gen nan tèt li Fransisko Bobadiya debake nan zile Ispanyola pou vin arete kristòf kolon ak frè-l Batolomeo, li anchennen vagabon yo, mare yo tankou krab, boure yo anba kal batiman, enpi-l mennen yo retounen nan peyi lèspay ansanm ak tout fanmiy yo.

Aprè-l fin pase yon bon bout tan dèyè bawo prizon pou twòp lanbisyon ak krim, wa ak larèn peyi lèspay deside  fè gras kristòf kolon, men yo pa bay li dwa retounen nan kontinan lamerik la ankò.

Malgre pakèt richès, bonè ak laglwa kristòf kolon te gentan reyalize, li pra-l mouri nan la wont ak imilyasyon.

Nan yon emisyon listwa peyi Dayiti, nou te esplike kòman kristòf kolon te kache anpil bagay sou la vi li te konn mennen, li te menm sere laj li te genyen. Nan kèk liv listwa yo di kristòf kolon fèt nan lanne 1451 ; nan kèk lòt liv yo di kristòf kolon te fèt nan lanne 1461. Men apre rechèch nou fè nan emisyon listwa Dayiti, sanble kristòf kolon te pran nesans nan lanne 1436.

Apre plizyè lanne kolonizasyon, nan zile ki pral pote non peyi Dayiti, kristòf kolon mouri nan vil valadolid nan peyi lèspay nan dat 20 me 1506 ak 70 rekòt kafe sou tèt li. Madichon pou kristòf kolon.  Madichon pou kristòf kolon !!!!

Fransisko Bobadiya te  gen wòl  al fouke Kristòf Kolon, pou jije-l enpi kondane-l pou-l mouri. Apre-l fin depote Kristòf Kolon, Fransisko Bobadiya vin gen tit gouvènè zile Ispanyola. Bobadiya se te yon asasen kriminèl ki pi rèd toujou pase Kristòf Kolon. Sou Bobadiya se pa bann ak pa pakèt endijèn yo te mouri nan fouye min lò nan sibawo pou kontinye anrichi blan panyòl. Nan lanne 1501 otorite nan peyi lèspay te revoke Bobadiya paske otorite nan peyi lèspay te estime Bobadiya  pat touye ase endijèn, pat voye ase richès nan peyi lèspay. Se konsa,  yo ranplase Bobadiya ak Nikola Ovando kòm gouvènè zile-a. Nikola Ovando debake nan zile Ispanyola nan dat ki te 15 avril lanne 1502. Nikola Ovando te pi kriminèl toujou pase Bobadiya.  Sou ren y Kristòf Kolon ak  Fransisko Bobadiya, asasen blan panyòl te deja dekòstonbre 3 nan 5 kasika yo. Yo te redui nan èsklavaj, endijèn magwana ki te gen nan tèt yo kasik kawonabo. Yo te fè menm jan ak endijèn nan magwa ki te gen nan tèt yo kasik gwaryonèks, yo te mete chenn lèsklavay nan kou tout endijèn nan maryen ak kasik gwakanagarik. Nan lanne 1502, lè Nikola Ovando debake, se sèlman 2 kasika ki te rete endepandan, se te kasika Igwey ak kasik Kotibanama, enpi kasika Zaragwa ki t-ap dirije ak kasik  la rèn Anakawona. Nikola Ovando te pran desizyon depatcha 2 lòt kasika endepandan sa yo.

Anakawona, vledi ‘’flè lò’’. La Rèn Anakawona se te yon n nan pi bèl fanm nan zile-a. Anplis, la rèn anakawona te konn ekri, te konn resite bèl poezi.

La rèn Anakawona te yon fanm pasifik ki pat renmen fè  lagè. Li te fè tout sa ki te nan posiblite-l pou-l evite lagè pete ant endijèn yo nan wayòm li-an, nan kasika li a ak panyòl yo.

Men, lè Nikola Ovando, gouvènè panyòl nan vil santo Domengo  anonse l-ap vin rann rèn Anakawona yon vizit bon zanmitay, li pa menm panse-l te nesesè pou-l te pwoteje tèt li kòm rèn. Okontrè, la rèn Anakawona te òganize yon bèl fèt pou-l byen resevwa vizitè panyòl yo. Anakawona ale jis nan fwontyè zaragwa pou-l al akeyi gouvènè Ovando ansanm ak yon pakèt endijèn ki kouvri kò yo ak bèl flè. Se ak bèl chante Anakawona te kondui Nikola Ovando jis rive nan Yagwana ki se kapital kasika zaragwa. Se konsa, Yagwana, yo te rele Leyoga-n nan epòk sa.  Gouvènè Ovando rive nan fèt la akonpanye ak plis pase 300 fantasen, ak 200 kavalye ki ame ak gwo zam fann fwa konmsi se nan lagè yo t-ap vini.

Endijèn yo ki pat konprann blan panyòl yo se lènmi pèp endijèn lan, yo prepare bonjan manje, vyann kochon sovaj griye, pwason, yanm, bwason chika ak anpil bon bagay ankò pou byen resevwa panyòl yo. Panyòl yo manje vant deboutonnen, yo pran plezi yo, enpi lè douvan jou rive, yo retounen nan vil santo domengo. Bèl rèn Anakawona panse ak fèt sa li òganize nan lonè panyòl yo, sa te kont pou-l siyen kontra lapè kontra bon zanmitay ak panyòl yo. Enben, larèn Anakawona ansanm ak tout pèp endijèn lan te mal konnen asasen panyòl ki anvi bwè san, ki p-ap rekile douvan okenn krim pou yo satisfè bezwen yo. Yon lòt fwa ankò pèp endijèn lan pral pran nan pyèj nayivte, nan kou pa konprann.

Larèn Anakawona pral viktim prèske menm jan ak dèfen mari-l kawonabo. Pou-l fè konmsi li vle rann omaj bay larèn Anakawona, Nikola Ovando voye envite rè-n Anakawona ak plizyè lòt kasik nan yon gran fèt nan vil santo domengo, nan yon gran sal espesyal lakay blan panyòl yo.

Jou dimanch sa, lè endijèn yo rive, yo enstale yo otou yon gran tab plen ak tout kalite manje ak brevaj. Pami brevaj yo, pa genyen chika, ki se brevaj natirèl endijèn yo, men genyen diven panyòl, yon diven èspesyal.

Genyen diven ki te fèt pou soule endijèn yo byen vit. Te gen diven anpwazonnen  tou. Efektivman endijèn yo sou, gen nan yo ki mouri ak pwazon, pandan okenn panyòl pa menm goute diven an. Jandam panyòl yo pwofite masakre endijèn yo ak kout manchèt, kout ponya, kout baton, kout kwòs fizi ak bal. Apre sa panyòl yo mare endijèn yo ak gwo kòd, yo simen dife ak gazolin nan kay la pou yo kankannen kadav kò endijèn ki te deja mouri, tankou endijèn vivan. Okenn nan endijèn yo pat rive chape pou-l yo nan masak sa-a.

Panyòl yo pat manifèste okenn pitye. Pou sa ki konsènen larèn Anakawona, Nikola Ovando te chwazi yon lòt fason pou-l imilye-l. Nikola Ovando mare larèn Anakawona ak gwo chenn, li mete-l nan prizon pandan plizyè jou. Nikola Ovando fin vyole la Rèn Anakawona, li fè pakèt solda panyòl fè kadejak sou la Rèn Anakawona. Apre tout soufrans sa yo Nikola Ovando te deside pase kòd nan kou larèn Anakawona pou-l plandye-l sou plas piblik nan mitan lari vil santo domengo. Madichon, pou Nikola Ovando.

Nan repiblik dominiken, genyen yon otèl ki rele otèl nikola ovando. Se menm otèl sa ki te sèvi palè pou asasen Nikola Ovando   Plizyè moun rakonte, nan kapital santo domengo-a pafwa pandan kèk lannuit zonbi Nikola Ovando ap pwonmennen ak tout kòstim gouvènè  Ovando abitye mete sou li anndan palè kote-l te abite, kòmkwa kay la ante. Paske, pou tout krim Nikola Ovando te komèt menm kadav kò-l pa ta dwe janm jwenn repo.. Anpil moun di yo souvan rankontre ak zonbi Nikola Ovando, ki konn vin pèsekite moun k-ap domi nan otèl li-a.

Rezistans endijèn lan pran bèl kalòt, gwo souflèt. Kasik Kotibanama, ki t-ap dirije kasika Igwey te sibi yon premye atak anba men yon ofisye Nikola ovando, kite rele, Wann Èskibèl. Kotibanama te reziste fas ak premye atak la.

Obout yon dezyèm atak, kasik kotibanama pa-t kapab reziste, li rive chape pou-l li, li te eseye al sere nan zile sawona, men asasen panyòl yo rapousuiv li, yo kaptire-l, enpi panyòl yo pase gwo chenn nan pye, nan men kasik kotibanama, yo pase kòd nan kou-l enpi yo pandye-l ak anpil imilyasyon nan lari vil Santo Domingo menm jan yo te fè l pou  la rèn Anakawona.

Rezistans endijèn lan pèdi prèske tout chèf li yo. Batay la blije pran yon ti kanmpo. Bon ti tan gentan pase.

Pandanstan, tout pèp endijèn lan ki redui nan èsklavaj, chenn nan ren, nan kou ak nan pye, oblije ap travay di, plante pou blan panyòl byen mennen.

Se nan lane 1506 blan panyòl yo rantre soti nan zile kanari ak plan kann pou yo plante nan zile Ispanyola. Yo pra-l transfome dlo kann lan pou fè-l tounen sik, alòske nan peyi ewopeyen yo se bètrav yo konn transfòme fè tounen sik. Kolon blan panyòl tanmen voye nan peyi blan ewopeyen yo valè sak sik kann. Lè sa-a blan panyòl bezwen plis bra endijèn, ki blije travay pi di pandan plis tan. Sa lakòz anpil endijèn mouri ak move trètman ak maladi, anpil nan endijèn yo blije sove rantre nan mawon. Konnye a vin manke bra pou fè moulen kann ak gildiv yo mache. Lè sa, Nikola Ovando voye kaptire plis pase 40 mil endijèn nan zile bahamas pou vin debake yo nan èsklavaj nan zile Ispanyola. Malgre sa mendèv la pa ase.  Blan yo pra-l oblije chèche lòt sous mendèv nan lòt kontinan ki se kontinan lafrik ginen. Yo pra-l depote ti nèg nwè. Men, ki moun kite pwemye kòmanse charye, depòte nwa yo? Se yon monpè legliz katolik yo te rele batolomeyo de las kazas, kite pwemye kòmanse zak lawont sa-a. Tout oditè teleradyo Atlantik  dwe retni non malediksyon sa-a, non madichon sa; Monpè Batolomeyo de las kazas! Se li menm ki te pwemye tranpe dwèt sal li nan san pèp nwa-a.

Monpè blan panyòl, Batolomeyo de las Kazas, yon rasis ki pa vle wè moun nwa, al di wa Fèdinan : etan done endijèn yo ap mouri pa bann ak pa pakèt, anpil nan yo rantre nan mawon, enpi kòm yo bezwen anpil sik, li t-ap bon pou yo chèche lòt kote pou yo jwenn mendèv gratis. Se konsa monpè Batolomeyo de las kazas te konseye, Fèdinan, wa panyòl la pou yo ale nan peyi lafrik  al bwote ti nèg nwè, nan bato èspesyal yo rele bato negriye pou debake yo nan zile ispanyola. Paske Monpè Batolomeyo de las kazas te bay lide sa, Wa katolik la, Fèdinan, bay monpè-a grad li vin gen grad monsenyè.

Enpi yon lòt kasik deside vanje san frè ak sè endijèn parèy li yo : se kasik Anri. Kasik Anri, se pitit gason Kasik Bahoriko-a ki  te mouri nan batay zaragwa-a.

Lè kasik Bahoriko-a te mouri nan batay zaragwa-a, ti Anri ki te jenn ti gason, li  te tonbe anba men panyòl yo ki te arete-l fè-l tounen esklav, enpi batize-l nan relijyon katolik.

Mèt esklav ti Anri, patwon ki t-ap toupizi ti Anri, yo te rele-l Valannzyela. Valannzyela-a, se te yon kriminèl, yon imoral ki pat ezite devan anyen pou-l imilye Anri. Valannzyela te menm rive fè kadejak sou madanm Anri, ki te rele Mennsya.

Anri pat kapab kontinye sipòte imilyasyon sayo. Li te deside rantre  nan mawonaj ak tout madanm li, li sove al  sere nan mòn Bahoriko ansanm ak madanm li. Pandan plis pase 13 lane, Anri ap òganize rezistans lan.

Nan kòmansman, yo te sèlman kèk dizèn endijèn mawon, pou yo vin plis pase plizyè milye.

Anri deside òganize lavi endijèn yo. Li fè konstri kay, li konstitiye plizyè gwoup kote chak gwoup gen wòl yo. Yon pati ap fè jaden pou jwenn manje pou lòt yo. Enpi lòt gwoup ap antrene pou yo defann tèritwa-a anfas anvayisè panyòl yo.

Sa pat etone pèsòn, lè moman-an rive, endijèn yo te chwazi Anri kòm kasik yo. Panyòl yo te eseye plizyè fwa, pou yo anvayi kan endijèn yo, men yo pat reyisi. Gwoup endijèn yo sou zòd kasik Anri te adopte lòt fòm batay ki se geriya pou atake blan panyòl yo.

Lè panyòl yo remake yo p-ap janm kapab ranpòte lavitwa ak zam sou gwoup endijèn kasik Anri t-ap dirije yo, enben yo pra-l itilize lòt estrateji kote yo ofri kasik anri tout kalte avantaj. Sa pa mache. Pandanstan, gwoup rebèl kasik Anri yo kontinye itilize taktik lagè geriya pou yo demoralize enpi detri asasen panyòl yo. Tèt cho nan kan lame panyòl la. Panyòl yo pra-l itilize gran mwayen. Chal 5 deside pèsonèlman ekri yon lèt bay kasik Anri pou-l mande negosye. Li voye yon anbasadè, yon reprezantan-l ki rele Baryo Nwevo al mennen negosyasyon an. Nan negosyasyon sa, Chal 5 pwopoze pou kasik anri bandonnen batay la. Enpi, chal 5 pran angajman pou-l akòde lendepandans total ak yon tèritwa pou endijèn yo tabli kò yo nan lapè. Tout sa, se bèl pawòl, bèl promès pou te fè kasik anri dòmi . Men chal 5 mande tou nan negosyasyon-an, pou kasik anri livre bay peyi lèspay, tout rebèl endijèn mawon yo.

Kasik anri gen memwa kout. Li gentan bliye nan ki sikonstans vanyan kasik kawonabo te mouri, ak trayizon. Kasik anri gentan bliye kòman sazinè panyòl trayi, imilye enpi touye larèn Anakawona.

Kasik anri pa menm gentan reflechi, li deside siyen kontra lapè ak blan panyòl yo. Kontra sa te rele : Akò Baryo Nwevo, ki te pèmèt kasik anri ansanm ak plis pase 4 mil endijèn enstale yo nan zòn Boya, ki sitiye nan yon distans apeprè 10 kilomèt parapò vil santo domengo. Premye rezèv endijèn nan amerik la pran nesans. Alèkile yo rele rezèv sa yo rezèv endyen, kote blan yo konsidere endijèn yo tankou bèt sovaj ki sou wout pou disparèt, enpi y-ap konsève kèk echantiyon pou yo montre bay pitit pitit yo nan lòt jenerasyon k-ap vini. Ak kontra lapè sa-a kasik anri siyen ak blan panyòl yo, rezistans endijèn  lan resevwa yon lòt baflad.

Mèt kay resevwa ladòmi nan ti kounouk nan men vizitè. Panyòl yo tèlman santi, se yo ki mèt tè-a, se yo menm ki deside ki kote nan zile-a, ak ki kantite tè pou yo bay endijèn yo, ki se veritab pwopriyetè latè a.

Panyòl yo pra-l layite kò yo pi plis toujou nan zile  Ispanyola.  Dirijan panyòl yo te panse peyi lèspay pra-l kapab tounen peyi ki pi pisan sou latè, plis yo charye richès plis yo piye richès lòt peyi, plis yo mete men sou tout tè ki pat pou yo.  Panyòl yo te byen konte, men yo te mal kalkile, paske lòt nasyon ewopeyen pra-l deside vin pataje richès sa yo tou, yo pra-l vin lesefrape ak panyòl yo pou separe gato endijèn lan. Enpi, si separasyon-an pa ka fèt, se sila ki pi fèb la ki pra-l blije kite pou lòt la ki gen plis fòs la. Vòlè pra-l vole vòlè parèy li.

LISTWA DAYITI # 7 DWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *