AFT

Aft: se yon seri maleng ki fè kwout jòn oubyen gri, enpi tout akote blese a wouj vif; maleng yo fè malad la mal anpil. Nou jwenn maladi aft la sitou nan bouch ak nan vajen fanm yo. Maladi aft la se siy kèk pwoblèm nan sistèm defans moun nan oubyen lakòz moun lan mal manje, oubyen l gen yon pwoblèm vitamin. Lè moun gen maladi aft li dwe mete renmèd sou pati malad la pou-l geri, men tou,  moun lan dwe pran renmèd pou èstimile defans kò li. Li dwe pran vitamin B ak vitamin C. Pou konbat enpi anpeche moun soufri maladi aft la nan bouch, nou dwe bwose dan yo ak pat dantifris chak fwa nou fin manje. Men lè moun soufri maladi aft la nou ka itilize renmèd fèy sa yo pou nou konbat li: sitwon, krètakòk, gonbo, gran flanbwayan, digo, mari dèyè lopital, ti medsiyen, pèsi, pòm kajou, sapotiy, tomat.

SITWON

Pire ji-a melanje-l ak siwo myèl pou-w mete sou aft la.

KRÈTAKÒK

Lave fèy krètakòk yo bouyi dlo vide sou yo, pou malad la tranpe bouch li.

GONBO

Bouyi gonbo yo lè-l tyèd, mete bikabonat soud nan dlo-a pou moun ki soufri maladi aft la tranpe bouch li ak dlo-a. L-ap jwenn bonjan rezilta.

GRAN FLANBWAYAN

Lave fèy yo mete yo nan dlo ki fenk fin bouyi, pou malad la lave bouch li kont maladi aft la jis li refè.

DIGO

Lave fèy digo vèt yo pile yo pou-w pran ji li; melanje ji a ak siwo myèl pou-w lave bouch ou kont maladi aft la.

MARI DÈYÈ LOPITAL

Mete 25 oubyen 30 gram fèy bouyi nan yon lit dlo, se ak dlo dite sa pou malad la lave bouch li kont aft la.

MEDSIYEN BENI

Lave fèy yo pile yo pou-w pran ji a, pou-w lave bouch moun ki soufri maladi aft la.

PÈSI

Lave yon pye pèsi pile-l pou-w pran ji-a pou malad la lave bouch li ak likid la.

PÒM KAJOU

Bouyi ekòs pòm kajou a nan dlo, pou malad la lave bouch li ak dite a pou li refè.

SAPOTIY

Kraze 2 oubyen 3 sapotiy vèt melanje-l ak siwo myèl, mete yon ti priz bikabonat soud ladann byen melanje yo pou-w mete sou aft la.

 TOMAT

Fè ji ak tomat, sikre-l  ak siwo myèl  pou-w lave bouch ou kont maladi-a.

SEFÒM DDWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *