AFWODIZYAK

Afwodizyak: se bagay gason oubyen fanm pwan pou yo anvi fè dezòd, ou byen  se  bagay gason-an pran ki pèmèt li gen bann pou favorize li rantre nan relasyon seksyèl. Manje ak bagay afwodizyak se manje ki gen bon piman, bon zepis, se bêt lanmè ak bagay tranpe nan alkòl. Travayè sante yo konn prèskri moun kèk renmèd afwodizyak, men renmèd sa yo pa twò efikas, anplis yo pra-l lakòz dega nan kò moun ki konsome pwodui afwodizyak sa yo twòp. Pwodui afwodizyak sa yo aji pou fè  venn yo dilate, gonfle nan pati anba tivant la enpi yo ka lakòz fòs tansyon san-an nan kò-a bese. Plant afwodizyak  nou ka itilize yo se :  zannanna, zaboka, bannann, bwa bande, bwa flo, seleri, pèsi, zèb achapantye,  lizimak, zoranj si, yèsken, pwav, tomat, vaniy.

ZANNANNA

Tranpe yon kè zannanna, pandan 8 jou nan yon lit diven blan. Sikre li ak siwo myèl pou malad la bwè yon vè ji chak jou.

ZABOKA

Graje grenn nan, mete -l  tranpe pandan 8 jou nan yon lit diven blan pou moun nan bwè  yon ti vè a 4 trè apremidi, oubyen yon lòt vè lè-l pra-l kouche.

BANNANN

Boukannen grenn bannann sou chabon dife mete siwo myèl sou li pou-w  manje l-ap bay gason bon bann.

BWA BANDE

Mete 5 gram ekòs bwa bande-tranpe nan yon tas dlo bouyi fwèt ou byen nan yon tas wònm pandan mwatye jounen oubyen bouyi yon ponyen ekòs bwa bande nan yon lit dlo, Bouyi l pou-l redui vin yon tas pou gason an bwè tout lajounen an.

BWA FLO

Byen lave yon moso rasin bwa flo pou-w kraze-l anba dan-w enpi vale ji-a.

SELERI, PÈSI

Vide yon lit dlo ki fin bouyi sou fèy yo, kite yo  tranpe 3 minit, sikre enfizyon-an koule-l. pou gason-an bwè yon vè chak katrètan.

ZÈB ACHAPANTYE

Lave yon pye zèb achapantye ak  tout rasin, mete-l nan dlo ki fenk fin bouyi ou byen mete-l tranpe nan diven. Sikre enfizyon-an pou moun lan bwè  yon tas lè-l pra-l kouche.

LIZIMAK

Pran yon ponyen fèy, flè frui ak bwa  lizimak. Lave yo; rache yo fè ti moso; pase yo solèy pandan 3 jou. Apresa, tranpe yo nan yon lit diven blan pandan 8 jou solèy 8 nuit sèren. Gason an ap bw yo ti vè maten ak aswè nan maserayon an.

ZORANJ SI

Pire yon zoran jsi pou-w pran ji-a. mete yon vè diven blan ladann. Kite-l tranpe pandan yon mwa pou gason-an pran 3 ti vè, 3 fwa nan jounen -an.

YÈSKEN

Lave rasin ak fèy yèsken, bouyi dlo vide sou yo. Gason an ap bwè  yon tas anvan-l  kouche nan enfizyon-an.

PWAV

Pile 10  gram grenn pwav, mete poud la tranpe nan yon lit diven blan. Gason-an ap bwè yon ti vè glase lè l ap manje.

TOMAT

Pran ji tomat mi-an. Mete kèk gout jennsenn ladann. Bwè yon ti vè  a katrè apremidi ak yon lòt ti vè  lè-w pra-l kouche.

VANIY

Pile grenn vaniy lan. Mete pou chak yon kiyè  poud vaniy 4  kiyè sik, pou-l bay yon sik vaniy. Ou byen mete vaniy lan tranpe nan diven dous, gason-an ap bwè  2 gwo  kiyè sik vaniy 2 oubyen 3 fwa nan jounen an. Oubyen gason-an ap bwè yon ti vè nan maserasyon-an 2 oubyen 3 fwa nan jounen -an.

SEFÒM DDWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *