AMENORE

Amenore vledi  yon fanm ki pa gen règ li. Sepandan gen sikonstans fanm pa gen règ tankou si se yon tifi ki ponkò fòme li ponkò rive nan laj pibète, li nòmal pou l pa gen règ. Si fanm lan ansent li pral pase plizyè mwa li pa gen règ nòmalman. Lè yon fanm gen menopoz savledi li p ap janm gen règ ankò. Gen lòt ka amenore. Gen amenore primè kote fanm lan depase laj pou li fòme, enpi règ la pa janm parèt. Gen ka amenore segondè kote fanm lan abitye gen règ déjà enpi li vin pa gen règ ankò san li pa ansent.

Renmèd fèy moun ka itilize kont amenore segondè se: kann, kas pyant, koton, pèsi, planten, zèb avè.

KANN

Mete kèk fèy kann tranpe nan dlo ki fenk fin bouyi, pou-w bwè aswè lè-w pra-l kouche.

 KAS PYANT

Griye grenn kas la pile-l, koule-l tankou kafe pou-w bwè chak maten. Jouk ou refè, jouk règ la vini. Oubyen pile flè, fèy, rasin kaspyant yo, kite yo tranpe nan diven blan pou 3 jou. Anvan règ  la vini, fanm lan ap bwè demi lit nan maserasyon sa, anplis l-ap pran yon lòk. Lè règ la vini apre  8 jou, fanm nan ap bwè rès maserasyon an.

KOTON

Pile yon ponyen grenn koton, tranpe yo nan dlo bouyi frèt, koule maserasyon-an. Fanm lan bwè l aswè lè-l pra-l kouche.

 PÈSI

Fanm ki soufri amenore-a ap fè yon dite ak yon ponyen grenn pèsi sèch pou chak 250 gram  dlo. Oubyen fanm lan ap pile  pèsi byen lave pou-l pran 150 gram sik pèsi-a pou chak 250 gram dlo pou-l bwè.

PLANTEN

Lave pye planten an antye pou nou mete  l bouyi. Bwè-l tankou tizann.

ZÈB AVÈ

Fè yon enfizyon plant zèb avè-a pou fanm ki soufri amenore-a bwè aswè lè-l pra-l kouche.

SEFÒM DDWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *