AMIGDALIT

Se yon maladi nan  gòj. Se yon enflamasyon amigdal yo. amigdal yo vin anfle, yo wouj enpi yo gen  yon kras blanch ou byen jòn sou yo. Malad la santi tèt fèmal doulè nan gòj, lè l-ap vale manje. Enpi li gen yon gwo lafyèv. Pou nou konbat maladi amigdalit la, malad la ap swiv konsèy travayè sante enpi l-ap bwè anpil ji frui. Lè-w soufri maladi amigdal yo, ou ka itilize plant medisinal sa yo pou trete maladi-a.  Ou ka itilize plant medisinal sa yo tou pou-w fè prevansyon kont enfeksyon nan gòj la. Plant nou ka itilize yo se : zannanna, lalwa, bale dou, seleri, seriz peyi, bwa chèn, sitwon, kolan, krètakòk, jenjanm, gwayav, monben,  zoranj si, planten, pwa kongo.

ZANNANNA

Graje zannanna vèt pou-w pran ji-a, w-ap jwenn bonjan rezilta.

LALWA

Pran sik lalwa-a, mete-l  nan yon  moso twal pwòp pou-w mare  sou kote moun nan malad la, devan gòj malad la.

BALE DOU

Fè yon dite ak fèy bale dou pou-w gagarize kont maladi amigdalit la.

SELERI

Pile seleri byen lave, pou-w pran ji li, sale  ji sa pou gagarize kont maladi amigdal yo.

SERIZ PEYI

Lave fèy yo pile yo pou-w pran demi vè ji fèy seriz peyi, mete demi vè dlo pwòp. Se ak likid sa pou-w lave gòj la lè-w gagarize-l.

BWA CHÈN

Pwan ekòs bwa chèn nan pou-w  fè yon dite. Sikre dite-a enpi gagarize-l kont maladi amigdalit la.

SITWON

Koupe fè 2 moso yon sitwon lè-w fin lave-l pire yon moso sitwon pou-w pran ji  li, mete yon ti priz disèl nan ji-a pou-w  gagarize oubyen  mete ji moso sitwon-an sou yon moso twal byen pwòp pou-w mare sou gòj la pou-w konbat maladi amigdal yo.

KOLAN

Pran fèy ak bwa kolan pou-w  fè yon dite. Malad la ap gagarize dekòksyon sa kont maladi amigdal yo.

KRÈTAKÒK 

Lave fèy yo, pou-w pran ji-a, ajoute ji yon zoranj si yon ti priz disèl  pou moun  ki gen amigdalit la gagarize.

JENJANM

Pile jenjanm nan lè-w fin byen lave-l  bouyi yon bon ti kantite pou-l  byen pike, se ak  dite sa pou malad  la lave gòj li lè-l  gagarizel.

GWAYAV

Bouyi fèy gwayav pou-w fè yon dite byen fò. Se ak dite sa pou moun ki soufri maladi amigdalit la lave gòj li  lè-l gagarize  dite-a.

 MONBEN

Bouyi kèk boujon monben, sikre dite-a ak siwo myèl  pou-w gagarize-l kont maladi amigdalit la.

ZORANJ SI

Pire yon zoranj si, mete yon kiyè siwo kann nan ji-a, yon ti wonm, yon ti disèl kraze yon ti piman zwazo pou-w  mete ladann, byen melanje yo pou moun ki soufri amigdal la gagarize.

PLANTEN

Pile yon ponyen planten, mete-l  nan mitan 2 moso twal, simen yon ti dlo pwòp sou li pou-w mare sou gòj ou.

PWA KONGO

Pile yon ponyen fèy pou-w pran ji-a, mete 3 kiyè diven blan, 2 kiyè siwo myèl ak yon demi vè dlo pou malad la gagarize-l 6 fwa nan jounen-an.

SEFÒM DDWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *