ANEMI

Se lè kantite san-an diminye nan kò moun lan. Gen anpil bagay ki ka lakòz maladi anemi, swa bagay ki detri globil wouj yo, swa akòz globil wouj yo pa fabrike nan kantite nan san-an. Men pami tout bagay ki ka lakòz moun soufri maladi anemi-an n-ap retni: emoraji, ki vledi malad la ap pèdi san. Swa akòz yon aksidan yon blese ou byen yon lòt kòz, men emoraji-a ka ekstèn,  ki vledi malad la  konstate, pèt san-an. Se deyò kò-a san-an ap sòti. Emoraji-a ka entèn, lè malad la ap pèdi san nan yon òga-n andedan kò li. Pami tout fòm maladi anemi yo, se fòm sa ki pi frekan.

ANEMI IPOKWÒM (LÈ MOUN MANKE FÈ)

Nan fòm anemi san sa, kantite fè nan san pa sifi, sa lakòz malad la ki soufri  anemi ipokwòm nan, santi plizyè sentòm ak siy nan kò li tankou : feblès jeneral, tèt fè mal, vètij, twoub nan kè ak batman kè, po  kò malad la pal. Pou trete fòm maladi anemi ipokwòm lan, malad la ap  pran medikaman ki fèt ak fè, ak vitamin B 12, men se travayè sante ki dwe prèskri renmèd sa yo.

ANEMI PÈNISYEZ (OU BYEN ANEMI FALSIFÒM)

Nan fòm anemi sa se kantite globil  wouj yo k-ap bese, enpi fòm yo chanje. Malad ki soufri anemi falsifòm nan manke lapeti, li santi vètij oubyen lawouli ak doulè  zo, nan tout kò-l. Gen lòt fòm anemi akòz enfeksyon, akòz kansè nan kò-a. Plant medisinal yo pa ka trete fòm anemi sa men yo ka ede trètman medikal yo bay bonjan rezilta paske plant sa yo èstimile ou byen pèmèt lèstomak la sekrete, yo pèmèt fwa-a sekrete labil tou, plant sa yo ede entèsten-an sekrete. Plant medisinal yo paka ranplase medikaman yo, men yo ka sèvi pou fè konpletay ou byen  yo ka itilize yo pou fè trètman nan maladi anemi-an.

Malad ki soufri maladi anemi ap pran medikaman travayè sante-a. Nou kapab prepare, demi vè ji kawòt, yon ka vè ji aspèj, yon ka vè ji lèti pou malad la bwè.

Ou byen : demi vè ji kawòt, ¼ vè ji bètrav, yon ka vè ji kòkonm, pou bay malad la bwè.

Ou byen : demi vè ji  kawòt, yon ka vè ji seleri, yon ka vè ji zepina, yon kiyè ji pèsi pou malad la bwè. Malad la ap bwè  yon gwo tas ji kawòt chak maten. Malad ki soufri maladi anemi-an ap manje anpil pwa kongo. Li dwe bwè anpil ji sitwon. Malad  la ap manje anpil zabriko peyi li ka manje konfiti zabriko, li ka prepare jele ak zabriko-a tou. Malad anemye-a ap prepare enfizyon diten-an, pou-l bwè lè-l  vide dlo bouyi sou fèy  pèvanch yo.

Moun ki soufri anemi-an ap prepare yon diven konsa pou-l bwè yon ponyen fèy ak flè yèsken lave. Tranpe yo nan yon lit dlo diven blan. Kite-l masere pandan 8 jou.  Moun ki soufri anemi-an ap bwè yon ti vè nan dite sa chak fwa-l pra-l manje a midi ak aswè lè-l  pra-l soupe. Malad la ap fè tizann ak òti ak zepina pou-l bwè.

SEFÒM DDWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *