ANGWAS, KÈ SOTE, KÈ SERE

Angwas se yon fòm laperèz moun nan toujou santi. Lè-l gen angwas se souvan  gwo sezisman ki lakòz angwas la.  Gwo evènman, gwo kè sote ak tèt  chaje ki ka lakòz angwas lakay yon moun. Lè moun gen anpil pwoblèm, move lavi ka lakòz moun nan soufri angwas. Lè moun manke afeksyon li souvan soufri angwas yo konn bay malad  ki soufri angwas kèk trankilizan pou kalme l. Pa bliye angwas la se yon maladi lèspri-a sitou, ki fè malad la ajite pafwa. Si apre malad la pran trankilizan, li pa kalme, nou kapab mennen malad la lakay yon travayè sante pou fè  trètman pou li, nou ka itilize plant medisinal pou nou konplete trètman medikal la paske yo gen pwopryete kalman. Nou ka itilize : bazilik, kowosòl, leti, vèvenn karayib.

BAZILIK

Bouyi dlo pou nou vide sou fèy bazilik yo lè nou fi-n byen lave yo pou nou bay malad angwase-a yon tas nan enfizyon-an chak fwa li fi-n manje.

KOWOSÒL

Lave 3 oubyen 6 fèy kowosòl vide yon tas dlo ki fenk fin bouyi sou yo kite-l tranpe pandan yon ti tan pou malad ki gen angwas la bwè lè-l  pwal kouche, aswè.

LÈTI

Lave 6 ponyen rasin ak fèy  lèti, mete yo tranpe nan yon lit dlo ki fenk fi-n  bouyi pou malad ki soufri angwas la bwè aswè lè-l pra-l kouche.

VÈVENN KARAYIB

Lave 4 oubyen 6 fèy  vèvenn karayib  mete yo masere nan yon lit dlo bouyi frèt, pou malad la bwè aswè anvan l kouche.

SEFÒM DDWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *