ANJIN

Anjin se maladi kote farenks lan anfle. Farenks se yonn nan pati kò a ki pèmèt moun pale ak vale nan gòj la. Lè farenks moun nan anfle yo rele maladi-a maladi farenjit. Men nan maladi anjin ki vledi yon maladi nan gòj, amigdal yo konn anfle tou. Lè sa yo di malad la soufri amigdalit kivledi enflamasyon amigdal yo. Gen plizyè  kalite maladi anjin. Gen anjin blanch, ak anjin ilserez.

ANJIN SENP

Farenks moun nan wouj, li anfle, li santi doulè lè l-ap vale  manje, malad la gen fyèv ki pa twò cho. Si malad la pran renmèd lè-l remake maladi-a fenk parèt, gòj la ap dezanfle apre kèk jou. Meyè fason pou moun ki soufri maladi anjin senp lan trete, se rete pou-l rete kouche. Pran medikaman pou evite konplikasyon maladi nan ren yo ak nan atikilasyon yo. Lè sa, moun ki soufri maladi anjin lan p-ap ka manje gwo manje li dwe bwè anpil ji frui, tizann.  Moun ki soufri maladi anjin lan ka itilize plant medisinal sa yo pou-l konbat maladi anjin nan : patagon, dat, krètakòk  boujon monben, imòtèl, powo, jenjanm navèt, paletivye, mang, pèvanch madagaska.

PATAGON

Pran fèy ak flè patagon lave yo, bouyi yo pou malad la gagarize kont maladi gòj fè mal.

DAT

Fè dite fèy ak flè dat pou malad la gagarize, l-ap jwenn gerizon.

KRÈTAKÒK

Yon dite fèy ak flè krètakòk, se yon bon jan gagarizan pou moun ki soufri anjin nan gagarize.

POWO

Fè yon dite powo pou malad ki soufri anjin nan gagarize-l, l-ap jwenn gerizon.

JENJANM

Malad la ap gagarize yon dite jenjanm pou-l jwenn soulajman.

NAVÈT

Malad la ap gagarize yon dite navèt pou-l jwenn bonjan rezilta.

PALETIVYE

Malad la ap itilize yon dite paletivye pou-l gagarize. N-ap itilize yon ponyen ekòs paletivye pou chak yon lit dlo k-ap bouyi.

MANG

Bouyi yon dlo pou nou vide sou fèy ak flè mang la, pou moun ki soufri maladi anjin nan gagarize.

PÈVANCH MADAGASKA

Fè yon dekòksyon ak 15 oubyen 20 gram pèvanch madagaska, pou malad la gagarize.

KOLAN

Fè yon dekòksyon bwa ak flè kolan yo, pou malad la gagarize jis li refè.

SEFÒM DDWP

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *