Amenore vledi yon fanm ki pa gen règ li. Sepandan gen sikonstans fanm pa gen règ tankou si se yon tifi ki ponkò fòme li ponkò rive nan laj pibète, li nòmal pou l pa gen règ. Si fanm lan ansent li pral pase plizyè mwa li pa gen règ nòmalman. Lè yon fanm gen menopoz savledi li p ap janm gen règ ankò. Gen lòt ka amenore. Gen amenore primè kote fanm lan depase laj pou li fòme, enpi règ la pa janm parèt. Gen ka amenore segondè kote fanm lan abitye gen règ déjà enpi li vin pa gen règ ankò san li pa ansent.
Renmèd fèy moun ka itilize kont amenore segondè se: kann, kas pyant, koton, pèsi, planten, zèb avè.
KANN
Mete kèk fèy kann tranpe nan dlo ki fenk fin bouyi, pou-w bwè aswè lè-w pra-l kouche.
KAS PYANT
Griye grenn kas la pile-l, koule-l tankou kafe pou-w bwè chak maten. Jouk ou refè, jouk règ la vini. Oubyen pile flè, fèy, rasin kaspyant yo, kite yo tranpe nan diven blan pou 3 jou. Anvan règ la vini, fanm lan ap bwè demi lit nan maserasyon sa, anplis l-ap pran yon lòk. Lè règ la vini apre 8 jou, fanm nan ap bwè rès maserasyon an.
KOTON
Pile yon ponyen grenn koton, tranpe yo nan dlo bouyi frèt, koule maserasyon-an. Fanm lan bwè l aswè lè-l pra-l kouche.
PÈSI
Fanm ki soufri amenore-a ap fè yon dite ak yon ponyen grenn pèsi sèch pou chak 250 gram dlo. Oubyen fanm lan ap pile pèsi byen lave pou-l pran 150 gram sik pèsi-a pou chak 250 gram dlo pou-l bwè.
PLANTEN
Lave pye planten an antye pou nou mete l bouyi. Bwè-l tankou tizann.
ZÈB AVÈ
Fè yon enfizyon plant zèb avè-a pou fanm ki soufri amenore-a bwè aswè lè-l pra-l kouche.
SEFÒM DDWP