PWOPOZISYON RANTRE NAN KRIZ

Direksyon Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) sezi resevwa nan laprès ak sou rezo sosyal yo enfòmasyon kote kèk responsab  òganizasyon sektè demokratik ak popilè a fè pwopozisyon renmèt pouvwa politik la bay lakou kasasyon ilegal la. Se  Youri Latòti ak Michèl Mateli ki te fè jij sayo pase nan fenèt pou rantre yo nan lakou kasasyon an. Sa ki pi rèd, nan menm pwopozisyon an, responsab sektè demokratik la prepare pou yo separe pouvwa a ak menm jij kòwonpi yo. Savledi, menm eleman sayo ki fè pwopozisyon degrenn dwat sa ta dispoze pataje pouvwa a tou ak jovnèl si blan an ofri yo ministè.

Dirijan Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A. denonse pwopozisyon opòtinis sa ki simen konfizyon nan mitan tout òganizasyon ak pèsonalite ki rete kwè lavni peyi dayiti p ap ka asire ni ak kòwonpi ni ak  anganman opòtinis.

Dirijan ak militan pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) panse, veritab inite ant òganizasyon ak pèsonalite konsekan ki rete soude ak revandikasyon popilasyon an, posib ak nesesè pou dekapote sistèm peze souse a. Mobilizasyon, bloke peyi a,   dwe fèt ak estrateji ki adapte ak reyalite moman an pou n deboulonnen jovnèl, palman koupyon an ak jij kowonpi yo.

Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay

Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen  (M.R.A.)

Ayiti, septamn 2018

 

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *