SIWO-LIBANÈ OU BYEN SIRYEN AK LIBANÈ?

Moso dechoukaj (06-07-08) mwa jiyè 2018 la pwouve pèp ayisyen an byen idantifye agresè li yo. Si gen anpil nan lènmi pèp la ki te epanye, tankou palmantè mal eli yo, palman an, palè nasyonal, minis kòwonpi yo, sa pa vledi yo pat idantifye. Se sèlman paske se te yon moso dechoukaj.

Pou listwa rete vivan, nou panse l enpòtan pou n presize poukisa gen yon klas moun nan sosyete peyi dayiti ki plis sible, nan van dechoukaj yo. Se arab yo ki soti nan peyi Siri ak peyi Liban, siryen ak libanè yo, k ap konpòte yo tankou kolon blan nan peyi papa Desalin lan. Popilasyon an sible moun sayo paske yo fè koulè po kò yo sèvi kòm privilèj pou yo piye richès peyi dayiti. Denpi nan tan lakoloni, blan yo te toujou itilize moun koulè po kò wouj yo pou kenbe ti nèg nwè anba dominasyon. Nan okazyon 19 lane okipasyon meriken soti 28 jiyè 1915 pou rive mwa dawou 1934, se sitou moun sayo, siryen ak libanè yo ki te plis kolabore ak blan meriken pou ranfòse okipasyon an. Lè blan meriken yo rapatriye twoup militè yo nan mwa dawou 1934, se menm siryen ak libanè sayo ansanm ak milat pitit kolon blan franse yo ki akapare ekonomi peyi dayiti, enpi ki pa janm sispann mete sou pouvwa yon kolonn prezidan doubli ak palmantè souflantchou, pou yo kontinye souse manmèl peyi a. Yo pa envèsti nan peyi dayiti. Yo voye sere lajan yo nan peyi Siri, nan peyi Liban, nan peyi Etazini. Se moun sa yo ki prensipal responsab eta mizè pèp ayisyen an.. Se yo menm ki ranfòse sistèm makout nan peyi a. Se yo menm  ki kreye yon klas opòtinis ti boujwa esklav mantal, esklav fizik, yo rele Grenn Nan Bounda (G.N.B.) ki gen objèktif detri tout tantativ  mouvman nasyonalis revolisyonè nan peyi dayiti.

Nou gen devwa toujou raple pèp ayisyen an, sitou jèn yo, ki sa makout vledi, kisa GNBis vle di, enpi ki wòl moun sa yo toujou kontinye jwe nan kraze ekonomi peyi dayiti, nan fonse nou pi fon nan soudevlòpman. Sepandan, si toutan n ap repete G.N.B. ou byen SIWO-LIBANÈ san nou pa bay eksplikasyon chak fwa, anpil nan jenerasyon k ap vini yo p ap konprann nesesite pou yo toujou idantifye moun sayo kòm lènmi fawouch klas nou, lènmi fawouch moun ki gen po kò koulè nwa. Pa gen peyi yo rele Siwoliban. Savledi, nou dwe evite toutan ap repete siwolibanè, olye nou di karebare siryen ak libanè. Gen moun ki ka menm panse siwo libanè se yon sikreri, tankou yo ta di siwo kann… si yo pa toujou jwenn bonjan eksplikasyon. Listwa dwe rete vivan. Dechoukaj la dwe total…radikal

MRA 29-07-18

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *