POZISYON ÒGANIZASYON POLITIK PWOGRESIS YO SOU “ETA JENERAL SEKTORYÈL” POUVWA ANPLAS LA

Mache prese “Eta jeneral sektoryèl TÈT KALE a, se yon demach ki konsènen sèlman kèk sektè kont nasyon an. Kesyon fondamantal nou dwe poze: se ki veritab objèktif demach sa, ak ki angajman òganizasyon politik pwogresis yo dwe pran fas ak tantativ divèsyon sa

Nou pa dwe bliye nan ki kondisyon TÈT KALE rive renouvle tèt li nan touletwa pouvwa leta yo. Soti nan pwopagann “plante bannann”, jovnèl moyiz rantre toudenkou sou echikye politik la ak favè michèl mateli ki te bezwen yon elèv dosil ki pran angajman pou l pa pèsekite l  apre l fin fè 5 lane manda l sou pouvwa ak pèspèktiv pou l ka retounen ankò vin kontinye dechèpiye kès leta peyi dayiti. Se sou baz kontra obeyisans ak sektè reyaksyonè peyi dayiti ak peyi letranje, kanpay elèktoral jovnèl te finanse. Kidonk, jovnèl manje lajan change. Li enpòtan pou n raple, se gras ak batanklan fwod elèktoral ak konplisite konsèy elèktoral la, pouvwa lejislatif ak pouvwa egzekitif tèt kale a rive enstale. Savledi jovnèl pa gen okenn lejitimite.

Objèktif demach “eta jeneral sektoryèl” la se pou:

  • fè tantativ bay jovnèl yon minimòm lejitimite pou l santi l gen otorite pou l kontinye brade richès peyi a.
  • rive grizonnen tout pèsonalite ak tout sektè ou byen òganizasyon sosyo-politik ki gen minimòm kredi moral nan sosyete a,  pou okenn lòt sektè pa ka revandike altènans pouvwa politik la. Se nan kad sa brui ap kouri kòmkwa li pral fè remaniman ministeryèl, pou atire eleman endesi nan sektè demokratik ak popilè a, ou byen abolotcho ki enterese al chèche ti djòb.
  • prepare teren pou pouvwa an plas la santi gen fòs ponyèt pou l mete kanpe yon seri enstitisyon vital pou lavni peyi dayiti, tankou Konsèy Elektoral Pèmanan, Konsèy konstitisyonèl, enpi pou l pibliye yon Amandman konstitisyonèl ki taye sou mezi pou favorize aloufa etranje tankou sektè reyaksyonè swadizan ayisyen an, enpi bouche tout pèspèktiv politik pou klas mwayèn ak klas pòv la nan peyi dayiti.
  • kreye divèsyon parapò ak pwopozisyon sektè demokratik ak popilè a ki reklame yon Konferans Nasyonal
  • okipe lèspri popilasyon an ak klas politik la ak diskisyon sou lòt dosye pou bliye batay kont lanmizè ak lavichè, batay kont bidjè kriminèl la ki kòmanse fè ravaj nan mitan popilasyon an, enpi pou sispann pale de pwosè petrokaribe a

Òganizasyon Politik Pwogresis siyatè dokiman sa a pa dwe sèvi dra pwòp pou kouvri payas sal. Nou pran angajman rete soude jouk nou rive chanje sistèm lan, pou n tabli  yon pouvwa nasyonalis anfavè yon leta sèvis, gras ak mobilizasyon san pran souf ak tout kalite estrateji adapte ak reyalite moman an, k ap pase pa yon Konferans Nasyonal Souvren pou garanti perenite yon leta nasyonalis osèvis tout pitit peyi Dayiti…….

Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay….

23  avril 2018

 

 

 

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *