MODÒD MOBILIZASYON PA ASE

Denpi nan dat 22 dawou 2001, ki se dat kreyasyon Mouvman Revolisyonè Ayisyen, militan M.R.A. te pran angajman akonpanye popilasyon an, fason yo kapab, pou kontribiye nan amelyorasyon kondisyon lavi pèp ayisyen an. Objèktif M.R.A. pa chanje, malgre tout pataswèl. Nan sans sa, dirijan M.R.A. dispoze kontinye mache kontre ak tout estrikti politik ki chwazi wout tout fòm mobilizasyon pou dekapote sistèm politik ki kanpe an kwa fas ak revandikasyon popilasyon an.  Sepandan Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A. ap toujou pran distans li ak tout òganizasyon ou byen pèsonalite ki dakò pou  pouvwa politik la kontinye rete nan men lènmi klas nou yo. Bourik dwe sispann travay pou bay chwal  kòwonpi  galonnen.

Dirijan Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.)  panse, inite san ipokrizi nan sektè ki kwè tout bon vre nan mobilizasyon popilè a, endispansab pou chanje done yo. Tout lòt demach yo, se jwèt anfavè lènmi, pandan yon pati nan militan yo ap pèdi lèspwa,  yon lòt pati militan ap prepare pou yo vann  tèt yo,  ak tout rad travay yo pou ti grapday…. ak yon lòt pati militan ki dwe kontinye kenbe flanbo rezistans lan jiska viktwa final la.  Militan M.R.A.  reziste !!!

Pèp ayisyen an  vin tankou pitimi san gadò, kote tout kalte malfektè ap pawaze san kè sote. Nan dat 6-7-8 jiyè 2018, pèp la kase chenn nan pye l. Lakòz absans lidèchip pou kondui mouvman kòlè a jis nan bout, lènmi libète yo gentan remete chen n yo  ak plis vyolans toujou. Nou panse l enpòtan pou dirijan òganizasyon politik, pati politik konsekan yo boukante lide sou nesesite egzistans yon nwayo espesyal ki dwe gen responsablite òganize mobilizasyon an, selon reyalite moman an, pou n pa kontinye lave men siye atè….Senp modòd mobilizasyon pa ase nan konjonkti a…..

Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa  janm sispann batay,,

PATI  MOUVMAN  REVOLISYONÈ  AYISYEN  (M.R.A.)      Ayiti,  22 Dawou 2018

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *