GRANMESI CHYEN SE KOUT BATON

Bèl diskou diskou pou voye chay remèsiman pou moun ki siyen chèk. Chèk chanje pou achte materyo, pou peye ouvriye. Matènite lopital jistinyen konstrui. Lajan ki nan chèk la se lajan prete, ki moun ki pra l renmèt lajan prete a?

Se wou menm, se mwen menm ti malere ak malerèz ki pra l renmèt. Talè w pra l tande se matènite prive. Demen p ap gen mèsi pou nou. Lè nou monte lopital pou nou akouche, yo pra l mande nou kote doktè prive  nou? Granmèsi Chyen, se Kout Baton.

Denmen, se moun ki gen lajan ki pra l akouche nan matènite tou nèf paske pye nou sal, rad nou chire, nou santi fò, nou p ap ka jwenn privilèj kouche akote madanm entèl.  Nou menm se sal endijan nou merite…… Sal endijan ak kabann plen pinèz, sal endijan ki pa gen kouran, ki pa gen medikaman, ki pa gen materyèl ki pa gen travayè sante…

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *