RASANBLEMAN SEKTÈ DEMOKRATIK AK POPILÈ NAN VIL AKAYÈ 19 DAWOU 2017

Nan dat 19 dawou 2017 plizyè lidè politik te  pran inisyativ konvoke nan vil Akayè, responsab ak militan politik nan yon gran rasanbleman sou tèm “Brase lide sou chimen tèt ansanm”.

Peryòd ki chwazi pou fikse konvokasyon an koresponn ak lide a.  Ant 14 dawou ak 22 dawou ki raple nou yon semen mobilizasyon nan lane 1791: 14 dawou 1791 kote Janbatis Boukmann sou bitasyon Nòman de Mezi Bwa Kayiman nan depatman nò, te sonnen lanbi rasanbleman mas esklav yo ak modòd ou byen objèktif byen klè pou dechouke kolon blan yo, enpi renmèt tè a bay esklav yo; 22 dawou 1791 ak soulèvman jeneral esklav yo toujou sou modòd gran lidè Boukmann, ki pral abouti yon bò ak 18 novanm 1803 batay Vètyè ki te fè blan franse manje batistè yo, yon lòt bò ak premye janvye 1804 kote Papa Janjak Desalin te pwoklame lendepandans total peyi dayiti.

Dirijan pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen apresye inisyativ la, enpi nou felisite inisyatè yo. Kesyon ki dwe poze:

  • Eske objektif ki te fikse pou rasanbleman an atenn?
  • Ki avni inisyativ la?

Nou panse si objèktif rasanbleman an se te yon tèst sou pouvwa konvokasyon inisyatè yo, nan sans sa objèktif la pasyèlman atenn. Pasyèlman, paske metòd ki te itilize pou fè envitasyon yo pat adapte ak moman mefyans ki blayi kò l nan sektè nou rele demokratik ak popilè a. Anplis, vrè objèktif rasanbleman an pat klè. Sepandan, rasanbleman an louvri wout pou vanse pou pi douvan si lènmi mas yo  pa gate manje a denpi sou dife.

Veritab pwoblèm inisyativ politik nan modèl sa pral konfwonte ak difikilte lidèchip. Nou dwe rann nou kont si pa gen gwo sakrifis ki konsanti, si objèktif yo pa byen klè, lidèchip kolèktif kapab eklate an fonksyon enterè imedya ou byen nan mwayen tèm parapò ak sèten lidè ki konfonn enterè pèsonèl yo ak nesesite pou n mete kanpe yon veritab inite èstriktirèl apati sektè pwogresis nasyonalis pou n leve defi zansèt nou yo te rive leve.

Nan okazyon rankont evalyasyon ak suivi rasanbleman 19 dawou 2017 la, direksyon pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) pwopoze:

 

  • Fè envantè tout estrikti politik, sosyal, kiltirèl ak pèsonalite ki kapab enpi ki prèt pou kolabore, san okenn prejije, nan respè liy ak diskou chak estrikti….
  • Defini sa nou rele “Inite Estriktirèl” apati sektè nou kalifye demokratik ak popilè, ou byen pwogresis, nasyonalis
  • Rezoud pwoblèm lidèchip “Inite Estriktirèl” la, san pasyon ni rankin, ni prejije, ni pwosè entansyon
  • Detèmine maladi sektè a soufri. Maladi Koutba-Mètdam ( Yonn panse se toujou ak lòt pou l sèvi enpi detri l…) Maladi mefyans (yonn pè lòt paske chat chode nan dlo cho vin pè dlo frèt). Maladi ògèy ( sila panse se èstrikti l la ki gen verite ak tout fòs pou ranpòte li menm sèl batay kont lènmi mas yo..). Maladi swadizan “Baz popilè” yo ki vin tounen veritab baz rakèt, machandiz pou sila ki gen plis lajan ou byen ki ka ofri plis fo pwomès. Maladi “Absans solidarite” nan batay klas nou oblije mennen. Maladi “Pwoblèm idantifikasyon vrè lènmi nou”, tankou sektè gwo woulman lajan yo nou dwe mete deyò nan desizyon politik peyi a. Maladi “Divizyon” ki souvan pèmèt lènmi mas yo triyonfe.
  • Tabli san ipokrizi, objèktif ak baz antant “a minima” ant divès estrikti nan inite estriktirèl la, nan kad priz pouvwa politik la (Aksyon/Aktivite/Gouvènans) nan nivo nasyonal, rejyonal, lokal
  • Prevwa yon komite egzekitif pou: rapò, asire suivi ak evalyasyon, rekòlte fon,
  • Diskite yon kalandriye aktivite prese-prese, san bliye nesesite mobilizasyon otou ilejitimite gouvènman aktyèl la ak okipan palè nasyonal la
  • Adòpte nouvo diskou pwogresis, anti- ekstrèm dwat ki dwe adapte ak reyalite jenès la ( yon bon pati nan jenès inivèsitè a pèvèti, fòk gen koreksyon…)

Peyi dayiti lage aladriv, ayisyen ap resevwa imilyasyon nan peyi letranje lakòz aktyèl dirijan ayisyen yo gen tout kalite defo kòwonpi, mantè, dechèpiyè kès leta, enkonpetan. Moman an favorab pou n leve defi a. Yon sèl gwoup, yon sèl estrikti pa ka leve chay lou sa. Se vre se ” tèt ansanm” ki ka pèmèt nou ranpòte laviktwa…. Paske viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay

 

Ayiti 22 dawou 2017

PATI MOUVMAN REVOLISYONÈ  AYISYEN (M.R.A.)

 

 

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *