NOU P AP FÈ LACH

Nan non pèp peyi etazini, gouvènman meriken felisite jovnèl, gouvènman malatchonn jovnèl-seyan an, palmantè ak polisye ayisyen pou bèl travay y ap fè anfavè peyi letranje sou do pèp ayisyen an. Pèp ayisyen an fè kòlè, nan dat 15 fevriye 2019, li pran lari pou l boule drapo meriken enpi rele ABA MERIKEN…. Premye gwoup swadizan lidè politik ki leve vwa pou yo kondane zak revolisyonè pèp ayisyen an, se Andre Michèl, Majori Michèl ak Chilè Lwidò, pandan y ap voye flè pou gouvènman sousèt meriken… Bann ipokrit !!!

Apre pèp la fin vale kont gaz lakrimojèn, apre jovnèl fin itilize zam meriken mete nan men l pou l pete fyèl manifèstan yo, menm mesyedam Andre Michèl, Majori Michèl ak Chilè Lwidò deklare se yon jij kòwonpi nan lakou kasasyon pèp la dwe renmèt pouvwa a pou yo kontinye toupizi pèp la. Sèl kondisyon yo poze, se pou yo separe djòb ak yo…..

Nan dat 16 fevriye 2019, Andre Michèl, Majori Michèl, Chilè Lwidò ekri yon lèt pou yo mande blan meriken, blan franse, blan kanadyen voye swadizan èd imanitè pou yo bay militan ti zanmi yo separe nan lari bay ti pèp ayisyen grangou a, konmsi se pou grenn diri pèp la ap goumen..  Sa se tantativ kòripsyon militan ak yon mannèv politik byen klè pou kase mobilizasyon an…Nou dwe okouran se menm pwopozisyon sa Juan Guaido, yon raketè k ap travay pou gouvènman meriken, nan opozisyon peyi venezyela fè pou destabilize prezidan lejitim, popilè Nikolas Madouwo.

Andre Michèl, Majori Michèl, Chilè Lwidò ki otopwoklame tèt yo pòt pawòl swadizan sektè demokratik, se danje pou lit pèp ayisyen an ki  dwe pran nòt enpi kontinye veye avadra abolotcho opòtinis…NOU P AP FÈ LACH

Pikèt Kako

 

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *