Boukman

LIT KLAS AK LIT RAS

Yo souvan fè nou kwè batay k ap mennen nan peyi dayiti a, se yon lit klas sosyal.  Nan tan èsklavaj, milat yo te antann yo ak blan yo pou yo te mentni sistèm èsklavaj kapitalis la, paske milat yo te konsidere tèt yo tankou alye natirèl ou byen eritye blan yo, paske dapre yo san blan ap koule nan venn yo. Kesyon nou dwe poze: batay Franswa Makandal, Janbatis Boukmann, Janjak Desalin, Anri Kristòf t ap mennen kont blan ak milat yo, èske se te yon batay klas ou byen yon batay ras? Nou panse, se te yon batay ras blan kont tout lòt ras ki pa blan, se te yon batay ras nwa kont ras blan pou defann diyite nwa yo kòm moun,  se te yon batay ras nwa pou reklame jistis sosyal. Se pat yon batay klas. Esklavaj te tabli nan peyi dayiti sou baz diferans ras, kote blan yo kwè enpi yo te vle fè moun kwè ras endyen ak ras nwa a enferyè parapò ak ras blan. Se sou baz refleksyon rasis blan yo te enpoze sistèm esklavajis la. Nou ka pale de blansism ki vledi rasism blan yo, ou byen blan yo ki gen konplèks siperyorite parapò moun nwa. Blansism lan, se li menm ki fondman, se li menm ki baz sistèm esklavajis lan nan peyi dayiti ak nan lòt peyi kolonize yo. Plizyè nwa yo te charye nan bato negriye pou mennen yo nan zile ki pral pote non peyi dayiti, anpil nan nwa sa yo te genyen bonjan kondisyon sosyal ak ekonomik favorab nan peyi lafrik ginen. Nèg nwè te ofisyèlman aboli èsklavaj sou zile peyi dayiti, men èsklavaj la ap kontinye sou lòt fòm. Batay ras la ap kontinye tou nan peyi dayiti. Toujou genyen rasism, toujou genyen blansism kivledi blan ak moun po klè ki kwè yo siperyè pase moun nwa… Rasism ou byen blansism, se pa batay klas, se batay ras… Pou n eseye wè pi klè, ann konprann ansanm ki sa klas soyal la ye.

KLAS  SOSYAL

Nosyon Klas Sosyal la gen yon karaktè politik. Yonn nan premye save ki te itilize enpi byen eksplike nosyon sa, yo te rele l Karl Markx, yon filozòf peyi lalmay. Denpi lè sa a, gen anpil liv ki ekri pou tante bay plizyè definisyon sou nosyon sa a.

Karakteristik Klas Sosyal: Klas sosyal, se yon divizyon sosyete a an plizyè gwoup. Divizyon sa yo pa fèt selon volonte ni otorite yon peyi, ni selon okenn pouvwa politik, divizyon sosyal la pa fèt ni selon moun yo ki nan gwoup yo, ni selon lalwa, ni selon okenn òganizasyon.  Savledi, Klas Sosyal, se yon gwoupman natirèl.

Klas Sosyal yo, se tankou gwoupman ki pa gen fwontyè. Pa egzanp, yon peyizan ayisyen ap toujou santi l pi pwòch yon peyizan zile matinik. Menm peyizan ayisyen sa pa santi l pwòch ak yon grandon ayisyen, menm si yo gen menm nasyonalite. Si yon moun nan klas sosyal malere, se pa paske l travèse fwontyè pou l ale nan yon lòt peyi rich kivledi moun sa gentan rich. Moun sa ap toujou santi l fè pati klas malere nan peyi li ale a.

Klas Sosyal yo se gwoupman ki koresponn ak yon fonksyon ekonomik, kivledi li gen rapò ak kantite mwayen ekonomik li gen pou l viv.

Lè klas sosyal yo diferan, enterè klas sosyal yo diferan tou. Savledi, klas sosyal yo pa danse kole yonn ak lòt. Lè chak klas sosyal ap defann enterè yo, sa pral lakòz toujou gen lesefrape ant klas sosyal yo. Se sa yo rele Lit Klas. Pa egzanp, yon sitwayen ayisyen pa ka twouve l an menm tan nan klas ouvriye a ak nan klas gran patwon ki posede tout mwayen pwodiksyon yo gras anpil lajan ak tout kalite privilèj li genyen.

Definisyon yon Klas Sosyal, se yon gwoup moun ki konprann lavi menm jan, ki panse menm jan, ki aji menm jan. Paske, chak klas sosyal diferan konprann lavi yon fason diferan, sa pral lakòz chak klas sosyal pral gen tantasyon itilize lòt klas pou yo jwenn ou byen mentni privilèj yo.

Yo souvan eseye divize sosyete chak peyi an 3 gran klas: Klas rich, klas mwayèn, ak klas pòv. Klas rich, se klas boujwazi a ki gen tout richès ak tout privilèj yo nan men l. Se klas sa yo rele klas dominant. Nan lòt peyi endistriyalize yo, klas boujwazi a se klas k ap defann enterè peyi yo tou, ki plis gen yon karaktè nasyonalis. Nan peyi dayiti, klas yo rele boujwazi a, se an reyalite yon oligachi revandè ak grandon kivledi yon ti ekip moun k ap revann pwodui blan, pwodui peyi letranje enpi k ap piye richès peyi a pou separe ak blan yo. Klas sa toujou itilize mwayen represyon, tankou:  lame,  lapolis, milis prive, legliz, lekòl, ak eleman pouvwa politik la (pouvwa egzekitif, pouvwa lejislatif, pouvwa jidisyè) kòm restavèk, pou l toujou kenbe dominasyon l sou lòt klas yo.

Klas mwayèn lan, se klas moun ki ale lekòl, kèk nan yo gen diplòm, kèk nan yo gen ti biznis, yo pa gen gwo mwayen ekonomik, men yo gen lespwa. Yo rele klas mwayèn lan,  klas ti boujwazi. Eleman nan klas sa a  souvan gen tantasyon pou l sanble ou byen gen menm konpòtman ak moun ki nan klas rich la.  Se souvan nan klas mwayèn lan nou jwenn loumpenn pwoletè ki se moun klas malere, moun klas mwayèn ki kite klas rich la sèvi ak yo pou yo eksplwate ak fè move zafè sou moun pwòp klas yo fè pati de li.

Klas malere, klas pòv, se gwoup moun ki pa gen mwayen ekonomik, enpi yo pa gen lespwa.. Moun nan klas pòv la kondane pou yo toujou rete pòv, enpi yo sèvi kòm tòchon pye pou klas mwayèn ak klas rich la. Sa pa anpeche moun nan klas pòv la souvan ap fè rèv je klè pou yo vin rich nan kèlkeswa kondisyon an. An verite, pa gen twòp diferans ant moun nan klas mwayèn lan ak moun nan klas pòv la nan peyi dayiti. Nou ka di, nan peyi apovri yo genyen 2 klas, yon klas rich, klas dominant lan ak yon klas pòv ki se klas domine a. Nan klas pòv la, gen moun ki pi pòv pase lòt pòv yo…

Sepandan nan peyi endistriyalize, peyi rich yo, sosyete yo pa divize an 3 klas. Yo pito itilize tèm klas sosyo-ekonomik ou byen kategori sosyo-ekonomik ou byen kategori sosyo-pwofesyonèl, ki baze sou pwofesyon ou byen sou aktivite moun lan. Nan menm klasifikasyon sa, yo toujou kenbe kont plizyè kritè tankou:

1- Nivo enstriksyon responsab fanmiy lan (papa, manman)

2- Kote responsab fanmiy lan jwenn mwayen ekonomik pou yo viv ak fanmiy lan

3- Kay moun lan ak fanmiy lan rete

4- Katye moun lan rete, si se katye rezidansyèl ou byen nan katye pòv, nan bidonvil…

Nan peyi endistriyalize, yo konsidere genyen 5 gran kategori sosyo-pwofesyonèl ou byen klas sosyo-pwofesyonèl

I-Kategori ou byen klas sosyo-pwofesyonèl Siperyè ki gen ladan : manb gouvènman, manb palman, pwofesyon liberal yo ( doktè, avoka, enjenyè, agwonòm…..,) responsab gran antrepriz yo, pwofesè inivèsite, gran anplwayè

II- Kategori ou byen klas sosyo-pwofesyonèl Entèmedyè Siperyè ki gen ladan l: anseyan, famasyen, pwofesyon paramedikal, travayè sosyal yo, pwopriyetè kèk ti antrepriz, fèmye (pwopriyetè), atis, komèsan

III- Kategori ou byen klas sosyo-pwofesyonèl Travayè kalifye, ki gen ladan l: kontremèt, atizan, ouvriye kalifye, anplwaye..

IV- Kategori ou byen klas sosyo-pwofesyonèl Entèmedyè enferyè ki gen ladan l: ouvriye espesyalize, travayè agrikòl, peyizan

V-  Kategori ou byen klas sosyo-pwofesyonèl Non kalifye ki gen ladan l: ouvriye mannèv, manitansyonè, travayè okazyonèl, anplwaye nan kay (moun yo konn rele bòn), domèstik….

Nou kapab retni kòm kritè sosyo-ekonomik yon nasyon: kantite lajan k ap sikile, to ou byen nivo chomaj nasyon sa a, eta pwòpte kay ak lari yo, to kwasans ekonomik, to enflasyon, to estabilite monetè nasyon an. Nou pa dwe bliye tou enfliyans divès evènman sou sosyete a tankou katastwòf natirèl: siklòn, tranbleman tè, inondasyon, ensandi, gwo lesefrape ant kominote yo…

Lè w soti nan klas pòv, nan klas mwayèn, ou pa dwe janm bliye nan ki klas ou soti. Ou pa dwe janm nye klas ou soti ladan l, ou pa dwe janm wont klas ou soti ladan l. Ou dwe toujou idantifye lènmi klas ou, enpi pa janm sispann batay pou asansyon tout klas  ou ladan l lan.

Nan peyi dayiti, se vre gen diferan klas sosyal. Sepandan, nou pa ka konsidere batay la sèlman sou pwen lit klas, paske klas ki konsidere tankou klas rich la se sou zòd blan yo ye, se blan yo ki kreye yo, se blan ki pèmèt yo fè koutay sou pwodui blan bay yo revann, se blan ki itilize yon pakèt esklav mantal pou bay yo misyon kenbe sistèm peze souse a. Plizyè etranje, siryen, libanè, ejipsyen, izraelyen ak kèk milat konsidere tèt yo tankou blan ou byen eritye blan nan peyi dayiti, ak pretansyon se yo menm sèl ki gen dwa dirije peyi Papa Desalin lan. Nan sans sa nou dwe toujou kenbe kont aspè lit rasyal la…….Paske blan yo pa sispann vòlò richès  pèp lòt koulè po kò yo pou pèmèt blan yo toujou gen plis lajan, plis mwayen materyèl pou yo rive kenbe sipremasi, dominasyon ras blan an.

Batay ras la depase fwontyè klas sosyal yo, batay ras la depase fwontyè ideyoloji sistèm politik tradisyonèl yo. Batay  klas sosyal la, se plis pou peyi blan yo. Menm si gen diferan klas sosyal nan peyi apovri yo tankou peyi dayiti, batay klas sosyal la toujou genyen yon dimansyon rasyal.

Lè n konsidere mak fabrik enperyalis la ak antant ant blan yo denpi  nan epòk y ap charye ti nèg nwè pou mentni sistèm èsklavaj la, pou rive nan lane 1885 ak konferans Bèlen kote blan yo te antann yo sou pataj richès mond lan san yo pa kenbe kont sou endijèn k ap viv sou ti bout tè a,

Lè n konsidere apre premye ak dezyèm lagè mondyal la, blan yo deside pataje richès tout lòt peyi sou latè pandan blan yo òganize yo nan 2 gran blòk politik, yon blòk blan kapitalis enperyalis ak yon blòk blan swadizan sosyalis ou byen kominis, nou dwe rekonèt batay peyi apovri yo se yon batay rasyal kont blan yo,  enpi se yon batay ideyolojik kont klas dominant yo…Wou menm k ap batay  pou total liberasyon mas pòv yo sou latè, tanpri fè lòt moun konprann se pa sèlman yon batay klas, men se yon batay ras tou….

Pou w pi byen konprann poukisa blan yo pa dakò ak bonjan eleksyon pou mete gouvènman pwogresis nasyonalis sou pouvwa, ann koute sa:……….

Nou konprann konnyè a, blan pa zanmi nou, blan p ap janm renmen nou….Blan yo toujou antann yo pou yo simen divizyon nan mitan klas politik ayisyen an ak nan mitan popilayon an, nan kad :”divize nou, pou pi byen kontwole nou…” pou n toujou rete esklav  mantal yo, esklav fizik yo…

Nou kapab ekri kantite konstitisyon ak kantite lwa nou vle… Konstitisyon se papye…. Fizi se plon.

Viktwa final se pou pèp nwa òganize, se pou pèp nèg mobilize, se pou pèp nèg solidè ki pa janm sispann batay….

Ayiti, 29 mas 2019

Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (MRA)

www.atlantikayiti.net

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *