MODÒD MOBILIZASYON KONT LAVICHÈ

Sou pouvwa  jovnèl moyiz la, pri gaz monte, pri manje monte; travayè sante, polisye, pwofesè lekòl pa touche.  Kòripsyon vledi :  jovnèl moyiz mete bidjè kriminèl pou retire lajan nan pòch peyizan, chofè  moto ak machin, moun ki gen ti biznis, ti anplwaye, malere nan katye popilè, vòlò lajan nan kès leta, pou plen pòch moun palè nasyonal, minis, depite ak senatè mal eli, sousèt boujwazi nasyonal ak entènasyonal. Ti pèp pa ladan l.

jovnèl moyiz pral mete K.E.P. kivledi Koudeta  Elektoral  Pèmanan. Se yo k ap toujou sou pouvwa pou toutan. Se K.E.P. ak gwo lajan k ap bay pouvwa. Reprezantan sektè demokratik ak popilè a, deyò nan tout desizyon politik peyi dayiti. Zak sazinay politik pral kontinye pi rèd ak lame milisyen Jovnèl la. Blan ak restavèk yo pral kontinye simen maladi ak lamò ti bebe nan katye popilè ak vye vaksen pwazonnen.

jovnèl moyiz ap vanse sou nou ak karava n kòripsyon, karava n fatra, maladi enpòte, ensekirite, ak lanmò, karava n chomaj, lavichè, ak grangou. Tout sa se vyolans sou popilasyon an. Nou dwe bay jovnèl repons li merite. Nou dwe fè dechoukay la tout bon. Mobilizasyon san pran souf. Pwofite kanaval la pou n pete kabouyay. Nou pa dwe tann modòd manifèstasyon pasifik pou n mobilize, drese barikad, boule kawoutchou tout kote nou kapab ak tout kalite aksyon efikas. Militan politik  òganize w, òganize ekip ou, pote patisipasyon w nan tout kwen peyi a. Idantifye, enpi tann pyèj pou tout lènmi pèp la. Fas ak vyolans pouvwa leta teworis, repons lan, se toujou lejitim defans ki se vyolans popilè  jiska viktwa final la……

 

Ayiti, 05 janvye 2018

 

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *