Kote kòb Petwokaribe a?

Se 6 gouvènman ayisyen sou   ren y 3 prezidan ki vòlò ak gaspiye lajan an. Gouvènman René Préval ak 2 premye minis Michel Duvivier Pierre-Louis ak Jan Max Bellerive, donk 2 gouvènman. Menm si René Préval absan, ansyen premye minis li yo Michel Duvivier Pierre Louis ak Jean Max Bellerive ak tout minis gouvènman yo  a toujou vivan…. Gouvènman Michel Mateli ak 3 premye minis Gary Conille ak Laurent Salvador Lamothe ak Evens Paul… donk 3 gouvènman. Gouvènman Joslerme Privert ak premye minis Enex Jean Charles.

Eske nou ka jwenn lajan Petwokaribe a? Enpi ki sa nou dwe fè pou n jwenn lajan Petwokaribe a?.. Nou pa kapab konte sou aparèy jistis la ki kòwonpi denpi nan tèt jis rive nan zòtèy. Nou pa ka pale de lakou kasasyon sou kontwòl Youri Latòti ak Michel Mateli, ki se 2 chanpyon nan kòripsyon ak tout kalite move zafè. Nou pa ka konte sou Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, paske se menm jij kòwonpi lakou kasasyon an ki nan tèt li. Nou p ap bay chat veye bè…. Nou pa kapab konte sou Kou siperyè kont ak kontansye administrativ ki deja kòmanse bay dechay ak Gwo Soso (sofya mateli). Nou pa kapab konte sou okenn komisyon jistis nasyonal ou byen entènasyonal bidon, paske se nan peyi letranje vòlò petwokaribe yo sere yon bon pati lajan an. Y ap toujou jwenn mwayen pou yo bloke dosye Petwokaribe a, ou byen fè dilatwa, ou byen pèmèt raketè ak rat do kale rekipere ou byen pran woulib sou do mouvman Petwokonsyans lan. Se sèl yon gwo leve kanpe, mobilizasyon nasyonal ak dyaspora a ki kapab pèmèt nou fòse ansyen prezidan ak ansyen premye mimi yo ansanm ak minis yo reponn kesyon popilasyon an ki kontinye ap reklame lopital, wout, kouran, bon dlo potab, bonjan lekol nasyonal ak lise, inivèsite nan chak depatman, mache piblik, bon kay pou malere, manje pou moun manje, travay desan pou jèn yo asire lavni yo…

Puiske nou fin idantifye moun ki gen lajan Petwokaribe a nan men yo, Etap mobilizasyon an dwe genyen ladan l apeprè 6 pwen:

  • Fè lis non tout minis ak sipè konseye palè nasyonal sou 3 prezidan koupab yo. Nou pa ka bliye Youri Latòti ki te jwe wòl sipèkonseye espesyal Michel Mateli ak Laurent Lamothe pandan 5 lane manda mateli a. Youri Latòti dwe bay pèp ayisyen an prèv sou bonjan konsèy li te bay Mateli ou byen bonjan aksyon li te mennen pou anpeche Mateli gagote lajan Petwokaribe a. Youri Latòti dwe bay prèv li pa janm manje nan lajan Petwokaribe a.
  • Nou dwe pibliye non tout prezidan, premye minis, minis ak konseye palè nasyonal yo, depite, senatè mal eli, jij kou siperyè kont konplis ak reselè vòlò, ak tout adrès kay yo, nimewo telefòn yo..
  • Idantifye enpi pibliye adrès tout antrepriz ak antreprenè raketè nan peyi letranje ak nan peyi dayiti kit yo dominiken, meriken, kanadyen, franse, siryen, libanè, ki patisipe nan kraze kòb Petwokaribe a…
  • Operasyon Grafiti toupatou: KKPK = KOTE KÒB PETWOKARIBE A?, sitou  nan kay nou idantifye yo, ak nan tout ri ki mennen nan kay sa yo…..
  • Operasyon bloke lari, bloke fwontyè, bloke ayewopò……Dechoukay…. Petwodechoukay
  • N AP JWENN KÒB PETWOKARIBE A……

 

AVANTAJ AK ENKONVENYAN PETWO-DECHOUKAY

DEFINISYON PETWODECHOUKAY

PETWO   derive de Petwòl ki se yon pwodui likid enflamab, ki konvèti fasilman pou tounen gwo flanm dife. DECHOUKAY vledi kraze brize, rache tout move chouk. Petwodechoukay se yon mouvman kraze brize ak flanm dife…

  • AVANTAJ PETWODECHOUKAY
  • Pèp la ap jwenn kòb la ak tout lòt machandiz ki deja achte ak yon pati nan kòb la lakay vòlò yo.
  • Gen posiblite pou pèp la mare ak kòd pit plizyè vòlò kòb petwokaribe a. Grenadye alaso….
  • Pèp la ap jwenn plizyè bonjan kay ak otèl dechouke pou yo dòmi ak fanmiy yo
  • Pri manje pral bese, paske pèp la ap pran kontwòl tout  makèt ak gwo depo manje vòlò petwokaribe yo sere
  • Pèp la ap reprann tout tè ak kay, vòlò yo te sezi ak gwo ponyèt
  • Ti vòlò yo pèp la epanye pral pran prekosyon pou flanm dife petwodechoukay la pa kankannen yo
  • ENKONVENYAN PETWODECHOUKAY
  • Lapolis ka itilize kamyon dlo grate, gaz lakrimojèn, bal, enpi arete kèk militan
  • Vòlò petwokaribe yo ka itilize milis prive pou simen kout zam nan katye kay y oak sou popilasyon an
  • Plizyè vòlò petwokaribe ka gentan chape pou l yo nan elikoptè ou byen nan fwontyè, ak gwo valiz lajan petwokaribe a.
  • KÒMAN NOU KA REZOUD ENKONVENYAN YO
  • Lavèy jou petwodechoukay la, simen nan lari a, luil, pyèj ak klou beton, ou byen  ak ti bout fè byen pwenti sou pakou posib move machin yo. Machin ki gen kawoutchou l plat pa ka fè wonn pòt. Li vin tounen machin pèp la
  • Pèp souvren kapab dezame lènmi pèp la pou pèp la gen plis mwayen pou l defann tèt li
  • Deklanche operasyon petwodechoukay la britsoukou, san zatann.
  • Ranfòse blokay lari ak wout ki mennen nan fwontyè
  • Yon boutèy petwòl se yon boutèy flanm dife

 

 

 

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *