M.R.A.

POZISYON PATI MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) SOU TRANZISYON POLITIK NAN PEYI DAYITI

Atik 149 vèsyon kreyòl konstitisyon 1987  ki pat amande a ekri konsa:”Sizanka plas prezidan repiblik la vin vid, pou nenpòt ki rezon, se prezidan tribinal kasasyon an ki monte prezidan pwovizwa Repiblik la. Si plas prezidan tribinal kasasyon an te vid, se vis-prezidan tribinal kasasyon an ki monte. Si plas vis prezidan an te vid, se jij ki pi ansyen kòm jij tribinal kasasyon an ki monte. E, se konsa jij tribinal kasasyon yo ta monte, youn dèyè lòt. Asanble nasyonal la enstale prezidan pwovizwa a nan plas li, apre premye minis la konvoke yon reyinyon asanble nasyonal la, jan lalwa di sa dwe fèt…

Jan sa ekri nan konstitisyon an ak nan lwa elektoral la, vòt pou eleksyon nouvo prezidan, ki va gen yon nouvo tan sèvis 5 lane a, dwe fèt karannsenk (45) jou, pou pita, apre plas prezidan an vin vid…”

Savledi si se sou baz vèsyon kreyòl la ou byen menm vèsyon franse konstitisyon  1987 ki pat amande a nou pwopoze yon jij nan lakou kasasyon, pou chita nan palè a apre nou fin dechouke jovnèl, nou dwe kenbe kont tout atik 149 la antye.. Nan atik 149 la pa genyen konsèy deta, paske se asanble nasyonal kòwonpi a ki la pou bay nouvo prezidan an benediksyon…. Pa vin di nou se  yon solisyon enstitisyonèl anfavè lakou kasasyon kòwonpi, pandan nou tout dakò pou palman kòwonpi a, ansanm ak premye minis chat mawon disparèt tou… Palman an tou se yon enstitisyon…

Se pa jovnèl ni palmantè ki bloke pwosè petrokaribe a. Se aparèy jistis la menm ki bloke l puiske aparèy jistis la sanse endepandan parapò ak  lòt 2 pouvwa yo. Se menm aparèy jistis la ki libere nan dat 20 fevriye 2019 san kondisyon, san jijman, ak tout gwo zam fann fwa yo, zenglendo blan etazinyen yo ki touye manifestan ayisyen, enpi ki vin akonpli tout kalite lòt move zak nan peyi dayiti sou zòd jovnèl. Yon veritab souflèt pou lapolis nasyonal la ki te fouke yon pati nan bandi etazinyen yo nan dat 17 fevriye 2019 , yon pataswèl anplis pou tout aparèy jistis kòwonpi a. Jij nan lakou kasasyon ki nan tèt aparèy jistis la ansanm ak konsèy siperyè pouvwa jidisyè pa gen okenn kredi moral nan mitan popilasyon an pou yo dirije okenn pouvwa tranzisyon nan pèspèktiv chanjman pèp ayisyen an pa sispann reklame. Eske nou panse lidè politik nasyonalis pwogresis konsekan kapab vrèman mobilize pèp la nan non jij lakou  kasasyon? Si pèp la mande nou poukisa se jij kòwonpi nan lakou kasasyon nou chwazi ki sa n ap reponn onètman?

Lè w fin chwazi jij nan lakou kasasyon, ou pa ka mande menm jij sa pou li vyole menm konstitisyon an ki bay li swadizan lejitimite… Savledi menm jij sa p ap janm kraze palman koupyon sa, enpi se menm premye minis souflantchou anplas la k ap konvoke palman madichon an… Se yon pyèj nou pa dwe pran ladan l pandan nou pa dwe bliye n ap viv nan yon rejim prezidansyèl kote se pawòl prezidan ki pi enpòtan pou tout patnè nasyonal ak entènasyonal…

Se anbasad yo, se kò gwoup, se sa yo rele kominote entènasyonal la ki pwopoze jij lakou kasasyon pou yo mentni sistèm peze souse a, enpi yo lage pwopozisyon an nan zòrèy kèk kanmarad nan sektè nou an… Nou tout dwe raple nou se michèl mateli, se youri latòti, se jovnèl moyiz ki chwazi tout jij nan lakou kasasyon. Eske nou panse avadra sayo t ap janm chwazi yon jij ki anfavè pèp, ki anfavè chanjman sistèm politik la?

Nou pa dwe bay pèp la enpresyon sa ki pi enpòtan pou nou menm nan sektè a, se yon pòs minis ou byen direktè jeneral, ou byen yo ka fè nou kwè nou pral gen posiblite mete pwòp moun pa nou  nan konsèy elektoral pou n òganize eleksyon anfavè gwoup pa nou..

Pou sa ki konsènen konsèy deta a, li enpòtan pou n ta konnen selon ki mekanism nou pral chwazi yo, enpi ki lejitimite ak ki pouvwa reyèl y ap genyen.. Si  palmantè pa ka kontwole prezidan, nou panse konsèye deta ap gen ase jèvrin pou l kontwole prezidan de fakto?  Nou dwe konsidere jij nan lakou kasasyon tankou ponya kominote entènasyonal la  pou  ponyade pèp ayisyen an ki kontinye konte sou nou…

Sektè reyaksyonè a pa wont pwopoze tèt yo ou byen moun pwòch yo pou yo kontinye egzèse pouvwa politik la. Pou kisa nou menm nan sektè pwogresis la  nou refize pran responsablite nou pou n pwopoze militan ou byen dirijan nan sektè pa nou? Nou pa dwe mete nan tèt nou si nou fè yon chwa, blan an ka pa dakò l. Nou dwe mete nou nan pozisyon fòs paske popilasyon an ap reklame yon lidèchip responsab, ki makònen ak reyalite lari a, reyalite revandikasyon l yo.

Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) pwopoze:

  • Dirijan pati politik, òganizasyon politik ki te toujou rete makònen ak tout revandikasyon popilasyon an dwe reyini pou nou antann nou sou ki òganizasyon politik pami nou k ap  pran responsablite fè pwopozisyon yon prezidan pwovizwa. Yon lòt òganizasyon politik pami nou ap fè pwopozisyon pou yon premye minis. Gouvènman tranzisyon an ap monte nan konsètasyon ak tout òganizasyon politik pwogresis yo san eksklizyon, san pwosè entansyon… san prejije
  • Gouvènman tranzisyon an ap gen yon manda 3 lane pou l:
  • Reyalize tout refòm enstitisyonèl endispansab yo
  • Òganize pwosè pou pèp ayisyen an jwenn lajan CIRH la, fon petrokaribe a, ak lòt lajan ankò.
  • Pran dispozisyon pou nasyonzini dedomaje viktim kolera yo
  • Tanmen rezoud pwoblèm grangou, pwoblèm sante, pwoblèm edikasyon popilasyon an
  • Kowòdone ansanm batay mobilizasyon san pran souf la pou n dekapote sistèm ekonomik ak politik la

Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay

Pati Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A,

Ayiti, 19 fevriye 2019

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *